Musiques évangéliquesParoles de musiqueAPK (Aplikasyon) lyrics - Spencer brutus

APK (Aplikasyon) lyrics – Spencer brutus

APK (Aplikasyon)

Intro
Ou dwe aplike-l
Mwen dwe aplike-l
Nou dwe aplike-l

Levanjil se yon pratik li ye
Ap gen reparasyon menm si-w s’on ka patikilye
Menm si-w pa atikile
Just panse Jezi si-w vle chante-l
Se pou laglwa-l pou moun tande-l
Se pa atis li ye
Pa janm bliye pase-w
Pa kite peche yo depase-w
Pou yo trepase-w (non non non)

Verse #1
M pa vinn fè literati nou mèt just banm 2 bar
De Jezi m vinn pale, m pa vinn la pou-m fè deba
Pou sa-m viv, li just kanpe, li ouvè 2 bra
Li soulaje-m, netwaye-m, epi-l repare tout dega
Ki fè, pawòl li m paka pa aplike
Se li’k te dechennnen-m lè ak dwòg m te adikte
Epi-l banm Sentespri kòm antiviris mwen
M paka enfekte menm si-m ta anvi pran ti risk mwen

Chorus
Aplike-l (Aplike-l)
Aplike-l (Mwen di-w byen Aplike-l)
Konba yo pap fasil
Pou-w kenbe lap difisil
Men batay! Batay pou aplike-l! (bis)

Verse #2
Banm yon ti tan, banm yon segond pou-m pale-w de aplikasyon an
Depi-w finn telechaje-l, veye notifikasyon an
Si-w dewoute lap bip bip, lap fè kèw bat bip bip, pip pip
Si-w anvi plip plip, lap di-w Bib, Bib
Bib ou pou al pran, bat pou-w gentan pran a tan
Pa koute sa kap di-w “attends”
Plis koute sak pi partan
Aplikasyon an, se batay pou-w swiv Jezikris
Plis jistis, si-w tris
Ou bezwen “peace” plis
Ou bezwen, nan tout bagay pou-w toujou rete dwat
Ret nan mitan, pa ni a goch ni a dwat
E bat pou-w pa dewoute, menm si-w doute, koute
Lè-w febli just panse a lakwa pou san Jezi te degoute

Biographie de l’artiste
Spencer Brutus , une vie alignée avec les desseins divins – biographie révélatrice
Spencer Brutus – Aktive Pwisans Ou
Top 30 artistes Gospel Haitiens sur YouTube en 2023
- Advertisement -

plus de publications

Les plus populaires