AccueilMusiquesBondye nou an gran , Suzie Chavannes Montina , Lyrics

Bondye nou an gran , Suzie Chavannes Montina , Lyrics

EN VEDETTE

Jubau
Jubau
Jubau, pseudonyme de José Bautista, est l'animateur passionné de l'émission Vendredi RECAP. Auteur, compositeur et rédacteur pour BGospel.com, il a fondé Jubau GROUP en 2009, œuvrant pour la promotion de la musique évangélique.

Bondye nou an gran
Lè Bondye pale li fè bèl bagay
Bagay ke menm lòm
Pa janm kapab konprann
Li bay loraj lòd gwonde avek fòs
Se li menm ki bay lapli le-l pou li tonbe


Bondye nou an gran
Li gen konesans
Se li menm ki deside dimansyon latè
Se li kite poze wòch ki kenbe tè a
Li fè fondasyon li pa gen pi gran pase l
II
Li bay zeklè lòd pou li klere
Li bay lalin lòd pou li klere lannwit
Li mete soley la pou li klere lajounen
Pa gen pi gran pasel
Li gen tout pouvwa
III
Peson pa konnen koman nwaj deplase
Eske ou konnen ki bò limye sòti?
Ki moun ki ka dim ki bò fe nwa rete
Gade Bondye n nan gran
Li gen tout pouvwa
IV
Eske ou konnen ki moun ki fe lawouze
Ki moun ki femen pòtay pou bare lanmè
Ki mete yon pòt ki kenbe li anplas
Di mwen si ou konnen koman fòs lam kraze

- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici
Captcha verification failed!
Le score de l'utilisateur captcha a échoué. Contactez nous s'il vous plait!

Dernière vidéo

Dans l'actualité...

Publications similaires

- Publicité -