AccueilMusiquesParoles de musiqueEsperans mwen , guelce Holly

Esperans mwen , guelce Holly

EN VEDETTE

Contributeurs
Contributeurs
Les contributeurs de Bgospel Magazine sont des journalistes bénévoles issus de la communauté évangélique, partageant des nouvelles et des histoires inspirantes.

ESPERANS MWEN

Esperans mwen pa isiba
Peleren m’ye pase m’ap pase
Menm si m’ap soufri
M’konn sa gen pou’l fini
Jezi ap vin chèche mwen
M’konte sou sa l’te di mwen==>

(Lakay papa mwen gen plizyè plas
Kote’m va ye a
Se la w’va ye)

Ref
Esperans mwen
Pa isiba
M’gen pou’m ale
Jwenn sovè mwen
Kote’l va ye
Se la m’va ye tou
Ma va kontan pou letènite
2
Tout byen latè yo gen pou pase
Pawòl Bondye la pou letènite
M’ap batay pou’m ret nan wout mwen
Tèt mwen pap pati pou anyen
Jezi gen pou’l vini
M’ap konte sou sa l’te di mwen ===>

M’ale m’ap tounen
M’pral prepare plas
Kote’m va ye an
Se la w’va ye tou

Ref===>>>

Bridge 1

Pap gen doulè
Soufrans pral fini
Tout vye gou amè
Yo gen pou pati
M’a va bliye sa m’te pase
Kalamite m’andire
Jwa mwen pap ekspire
Pou tout letènite
(2 fwa)

Bridge 2

Rèy satan fini
Nan lanfè l’ap soufri
Malè ak tout moun ki te chwazi swiv li
Moun sove yo ap rejwi
Bonè yo pap fini
Yo bliye soufrans yo
Glwa Bondye klere yo

Esperans mw pa isiba

Maranatha Christ Revient bientôt

- Publicité -
Article précédent
Article suivant

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici
Captcha verification failed!
Le score de l'utilisateur captcha a échoué. Contactez nous s'il vous plait!

Dernière vidéo

8 Français: Dans les cieux et sur la terre – Chant d’Espérance

Parole: Dans les cieux et sur la terre Dans les cieux et sur la terre, Il n’est aucun nom plus doux, Aucun...

Dans l'actualité...

Publications similaires

- Publicité -