Paroles de musiqueChant d'espérancelanmou bondye pi gran pase - 28 Chant d'Espérance

lanmou bondye pi gran pase – 28 Chant d’Espérance

lanmou bondye pi gran pase lyrics – 28 Chant d’Espérance | CEC, Page 129

Lanmou Bondye pi gran pase
Tout sa lang moun ak zanj ka di;
L ale pi lwen pase zetwal,
Li jwenn moun ki te fin pèdi.
Pitit Bondye chèche moun ki
Nan lapenn ak peche;
Si yo rekonèt peche yo,
Li prèt pou padone.


Lanmou Bondye li rich, li pi;
Li san mezi, li fò;
Lanmou sa a dire tout tan,
Se kantik tout zanj yo.
2
Lè tout jou ak lane pase,
Lè tout twòn, tout wa fin tonbe;
Lè moun ki pa priye jodi
Va chache mwayen pou sove.
Lanmou Bondye va la toujou,
L a san mezi, l a fò;
L a fòs Bondye pou sove nou,
L a kantik tout zanj yo.


Lanmou Bondye li rich, li pi;
Li san mezi, li fò;
Lanmou sa a dire tout tan,
Se kantik tout zanj yo.
3
Si tout dlo lanmè te ka lank
Si tout syèl la te ka papye
Si tout bwa sou latè te plim,
E tout moun te kapab ekri;
Pou yo ekri lanmou Bondye
Lamè ta fin seche
E syèl la pa ta ka kenbe
Tout zèv lamou l te fè.


Lanmou Bondye li rich, li pi;
Li san mezi, li fò;
Lanmou sa a dire tout tan,
Se kantik tout zanj yo.

- Advertisement -

plus de publications

Les plus populaires