Musiques évangéliquesMusiques GospelNou se Limyè , TiBob de Nazareth , CD istwa damou ,...

Nou se Limyè , TiBob de Nazareth , CD istwa damou , Lyrics

Voir plus de

Nou se Limyè

Si n te pran san n koute
Tout pawòl ke bouch n ap pale
Nou ta chita panse
Konbyen nou fè lesyèl kriye

W a di n pèdi nou san destinasyon
Pa jalouzi bouch nou plen madichon
Lè n wè yon frè nan w vle sitiyasyon
Tan pou n ede nou fè difamasyon

Refren
Di m kote lanmou nou kache
Kot flanbo nou briye
Sonje byen n se limyè tè a
Fò n kanpe pou lavi ka gen viktwa

Kot lanmou Bondye a
Kot flanbo pitit la
Sonje byen n se limyè tè a
Fò n kanpe pou lavi ka gen viktwa

-2-
Si fwa n te nan lèzòm
Lè konsa nou te chavire
Kè yo bat pou lafòm
Se lanmò souf yo degaje

Amou Bondye pi fò ke tout bagay
Men poukisa pou syèl nou pa p travay
Nou rayi frè pa vle wè vwazinay
Douvan lemal se toutan n ap fè fay

Refren
Di m kote lanmou nou kache
Kot flanbo nou briye
Sonje byen n se limyè tè a
Fò n kanpe pou lavi ka gen viktwa

Kot lanmou Bondye a
Kot flanbo pitit la
Sonje byen n se limyè tè a
Fò n kanpe pou lavi ka gen viktwa

Nou se limyè …
Nou se limyè
N ap klere n ap briye
Nou se limyè latè
Fò n klere nan fènwa
Nou se limyè latè
Fò n klere, fò n briye
Pou lavi ka konnen viktwa

Nou se limyè …

Wo oh oh oh
Sou nou y ap gade
Se sa k fè nou dwe mache
Sou chimen lacharite
Lanmou lajwa la libète
Fò n klere, fò n briye
Pou lavi ka konnen viktwa

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

Plus d'info:

Les plus populaires cette semaine