Musiques évangéliquesParoles de musiquePou-m Pale lyrics - Spencer brutus

Pou-m Pale lyrics – Spencer brutus

Pou-m Pale (feat. Frè Alexis)

Chak fwa-m sonje kote-w soti avèk mwen
Mwen leve men-m anlè, tèlman-m rekonesan (bis)
Mwen mèt te kòmanse depi solèy leve
Lannuit ap finn rive m pap janm finn rakonte
Valè konplo ou kraze pou mwen
Valè sèkèy ou kraze pou mwen (bis)

Chorus
M pa gen bouch pou-m pale
M pa gen bouch pou-m pale
M pa gen bouch pou-m pale
Pou-m pale! Pou-m pale! Pou-m Pale! Pou-m Pale!

Bridge
Jezi, ou merite pou’m adore-w
Pou sa-w fè, ou merite pou-m loure-w (bis)

Frè Alexis (verse)
Pou sa-m konnen-m fèw, m pat janm kwè ou tap Adopte-m
Pou pase-m, dròg, fanm, vòl, pou jan satan tap Kalote-m
Tankou ti patat, li patap dròl, ti katkat, li klap klap
Li klatap mwen, li panse li te ka lote-m
M vinn konprann, m te konfonn, konn fanm
Ak sibstans ilisit m konn fonn pou-m met nan san-m
Non son, yo pa mache ansanm
Se lapè m tap chache, m te panse tout sa yo te ka donte-m
M pa gen bouch pou-m pale, men sa-w fè nan vi-m yo vizib
Jan-w transfòme-m, nan vizaj mwen li lizib
Tout kèm se pou ou, pati sa li pa divizib
Plis tan m pase avew m wè satan tap pase-m nan rizib

Hoooo! Nan men-m ou retire on zam, ou met yon bib
M pa esklav peche ankò, kounyea m lib

Biographie de l’artiste
Spencer Brutus , une vie alignée avec les desseins divins – biographie révélatrice
- Advertisement -

plus de publications

Les plus populaires