Musiques évangéliquesMusiques en créoleNan Prezans Ou - Junior Nickson Bora - Pawol disponib

Nan Prezans Ou – Junior Nickson Bora – Pawol disponib

PREZANS BONDYE || Junior Nickson Bora (Official Video)

1- Map rele ou, mwen pa kapab ankò
Mwen menm vle dekouraje
Nan pawòl ou, ou di si mwen fwape wa va louvri
Gon baryè ki separe mwen menm ak ou.

2- Ma chèche tout sa nan m mwen dezire
Men sanble se pa sa w vle
Nan fon kè mwen, mwen santi yon gran swaf pou prezans ou
Men gon bagay k anpeche m proche pi pre w.


Mwen pap tann se lè maladi ap menase m
Pou m rete nan prezans ou
Mwen pap tann se lè mwen pa wè wout poum pase
Pou mwen fè volonte ou.

3- Map rele ou, mwen pa kapab ankò
Mwen santi nan m mwen trouble
Lè m fè silans, mwen tande yon vwa dous kape pale
« Wap chèche men m, e poutan mwen vle baw kè m. »


Mwen pap tann se lè maladi ap menase m
Pou m rete nan prezans ou
Mwen pap tann se lè mwen pa wè wout poum pase
Pou mwen fè volonte ou.

pon
”Men m jan avèk wa David
Nou pral kòmande nan m nou
Poul koube pou beni non Senyè a”

Nan m mwen exalte l
Nan m mwen prostène w
Nan m mwen adore BONDYE (chorus repeat 2x)

Solo:
Nan prezans ou
Fè m ret nan prezans ou
M vle ret nan prezans ou
Se la mwen santim ere

Nan prezans ou
Fè m ret nan prezans ou
M vle ret nan prezans ou
Se la mwen santim ere (chorus repeat 2x)

Solo
Map rele ou, mwen pa kapab ankò
Mwen santi nan m mwen trouble
Lè m fè silans, mwen tande yon vwa dous kape pale
« Wap chèche men m, e poutan mwen vle baw kè m. » (Last line 3x)

Gospel Mahanaim – YON LOT IDANTITE

👉 Lien vers : YouTube video
👉 Lien vers : Facebook
👉 Actualités :

 

Josue Elisme feat. Chrisnet Marcelus , M’ap viv pou JEZI (Video)

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

Les plus populaires cette semaine