Berekia s'ignifie l'Éternel à bénit, c'est un moy hébreux.
Lyrics
BEREKIA. NAN OU MW KONFYE M
Tankou yon brebi egare
Ki pa konn kotel prale
Fènwa kouvri sou chimen mwen
Nan dezè dezespwa lavi a
Mwen fin pèdi lafwa
Fwa sa se tout bon lavi fini pou mwen
Si ou pa di yon mo
Mwen nan cho
Refren
Nan ou mwen konfye'm
Sou ou m'apiye'm
Di yon mo pou mwen
Ou se dènye chans mwen
San ou m'pa vo anyen
Ou se tout pou mwen
2
Mwen pa genyen moun pou'm pale
Mwen santi'm abandone
M'pa wè an wo m'pa wè anba
Tout baryè ak pòt fèmen pou mwen
Tout sa'm eseye pa janmen mache
Fwa sa se tout bon lavi fini pou mwen
Siw pa di yon mo bondye mwen
Mwen nan cho
3
Tanpri ede'm m'santi'm bouke prezans ou manke mwen
Mete lavi'w nan nanm mwen'k fin deseche fin deseche
Mwen vle'w kenbe men mwen, mete fòs ou nan feblès (bis)
Libere, delivre, restore
Mete lavi'w nan mwen (ter)
#slow #worship #gospel #female
Source: Lien Youtube de la vidéo
Lyrics
Ephésien Louis - Bèjem
10 octobre 2021 mwen te fè yon akssidan machin kitapral metem an koma pou 5 jou Mwen pase prèske 3 mía nan lopital,mwen te manke anpil baggy sant pa bezien bay detay,mwen tap panse tèman m te tonbe nan depresyon epri BonDye sòm 23:1 ki di Letènèl se bèjem' pap jam manke anyen se konsa mwen konpoze mizik sa rele (Bèjem')
Pwomès BonDye se verite,sa BonDye di ak bouch li men li ap akonpli l.Ou menn kap gade kap tande mizik sa pa kite kèw trouble,pa enkyetew pou demen Jezi-kris se yon bèje responsab li pap jam abandonew sit ou menm ki nan relasyon avèk li.Siw polo gen Jésus-Christ kòm bèjem ou ka fèsa konnya padi wa gentan paske demen pa garanti.Repete avèk mwen Senyè BonDye ki anwo nan syèl yo mwen remèt ou vi mwen nan menw padon pou peche mwen yo mwen rekonèt kem koupab ekri nonm nan kaye syèl yo au nom de Jésus-Christ mwen priyew amen.Priye BonDye mande l poul mennenw non legliz kote bib li a fè otorite pou w kontinye adore l.
Lien Youtube de la vidéo
M abandone m
-1-
Kote'm ye la atè a sou jenou m ankò
Mwen remèt ou tou, mwen remèt ou tou.
Men mwen la senyè mete mwen bò kote w
m'pa gen lòt espwa , m'pa gen lòt espwa,
m abandone 'm.
Tranpe nan'm mwen ak mizerikòd vide gras ou
mwen grangou e swaf, mwen grangou e swaf.
Avèk bwa'w louvri byen laj m konnen w tande m
kap kriye pal'avèm kounya, pal'avèm kounya.
-Refren-
M abandone'm, m abandone'm mwen vle
konnen ou plis , mwen vle konnen plis . ( 2 fwa)
- 2-
Kòm yon van kap soufle , jezi soufle anndan m
senyè fè wout , senyè fè wout nan mwen.
Kòm yon loraj kap gwonde vibre anndan
nanm mwen senyè fè wout , fè volonte w nan mwen .
-Refren-
M abandone'm, m abandone'm mwen vle
konnen ou plis , mwen vle konnen plis . ( 2 fwa)
CLERVEAU LOVENSON
Nati mwen pa chanje
Se vrè idantite m
Se Lò mwen ye
Fò mwen pase nan dife
Chalè pa chalè m pap devye
Mwen pap abandone
Se sezon Pam nan ki rive
Pou m briye
Wiliadel Denervil et Fre Gabe : Leur collaboration dans "Istwa Pou W Rakonte"
Wiliadel Denervil est une artiste haïtienne contemporaine de musique chrétienne, reconnue pour...
Rapport sur les dérives sectaires dans les églises évangéliques
Le rapport annuel de la Mission interministérielle de vigilance et de lutte contre les dérives sectaires...
Étude sur l'impact de la prière sur le cerveau
La prière, une pratique spirituelle universelle, suscite un intérêt croissant dans le domaine des neurosciences. Des...
Les boîtes de nuit chrétiennes sont un concept émergent qui propose un divertissement alternatif aux lieux traditionnels. Ces clubs visent à créer un espace où les...