alleluia haiti

Mwen vi n pote Lwanj ba ou resevwa li BonDye Pran l nan men mwen souple Mwen vi n pote Lwanj ba ou resevwa li BonDye Pran l nan men mwen souple SENYE SENYE ( ad libitum)
M met konfyans mwen nan ou san manti M kwè nan plan w gen pou mwen ou fidèl Ou se rezon k fè map viv, ou se sous mwen Mwen kwè nan ou, Mwen kwè nan ou Ke Ou se tout sa m ye Ou se tout sa m gen bezwen M pa imanjine viv san ou M paka viv san ou, Jezi(2 fwa) M pa ka viv san ou M pa ka viv san ou Senyè
Pouvwa Lapriyè , groupe Alleluia Anpil woch va roule Lè nou priye Anpil woch va roule Lè nou priye ak lafwa Roch va roule Lè nou priye bondye Toujou tande rèl pitit li Anpil chenn va kase Lè nou priye Anpil chenn va kase Lè nou priye ak lafwa Chenn va kase Lè nou priye Bondye e Toujou tande rèl pitit li Lè n Priye bwate macheAvèg yo wè Lè n priye pot syel louvri gras tonbe Lé n priye lapenn ale la jwa vini Fon priye, ann priye e Anpil pot va louvri Lè nou priye Anpil pot va louvri Lè nou priye ak la fwa Pot va louvri Lè nou priye Bondye e Toujou tande rel pitit li Toujou tande, toujou tande Bondye toujou tande rel pitit li
Ranpli N Ak Lespri W (Bis) Segne Nou Vle We Gloua Nan Plas Sa A Bezwen Prezans Ou Koulye A Pou N Demaske Djab La Ranpli N Ak Lespri W (Bis) Ou Te Pwomet Nou Lespri W Jodia Djab La Ap Ban N Defi Nan Batay Sa N’ Vle Febli Vini Vit, Vini Vit Vin Ranpli N Ak Lespri W Tanpri Louvri Je Lespri N Pou N Kapab Viv Jan Wap Aji Se Vre Nou Feb Nou Piti Ou Sevi, Ou Sevi, Ou Sevi Ak Nou Jan Nou Ye Mesi Pou Lespri W (Bis) Segne Gloua Ou Ranpli Plas Sa A Prezans Ou La Koulye A Nou Demaske Djab La Mesi Pou Lespri W.
- Advertisement -

Dans l'acutalités...