ansyen roch la lyrics

Paroles Ansyen wòch la - Pasteur Claude Louissaint - (audio et Lyrics) Lè mwen santi m atriste Sou chemen lavi sila Lè tout bagay parèt nwa Lè mwen pa genyen espwa Mwen kon vle dekouraje E menm demisyone Si se pa te ansyen wòch la Mwen ta abandone Kè O, o Ansyen wòch la Ou menm kip a janm chanje O,o Ansyen wòch la Kache mwen pou jouk lafen 2- Dlo nan je ak kè kontan Sou chemen lavi sila a Pa genyen twò gwo espas Ki separe youn ak lòt Si se pa te Ansyen wòch la Kouman mwen ta fè souri Nan yon monn kouvri ak dèy Mwen te dezespere 3- Kache mwen, kache m souple Anba manto lagras la Menm lè pye m ta vle glise Tanpri pa kite m tonbe Ou se yon ranpa pou nanm mwen Ou se sous konsolasyon m Mwen pa genyen lòt apui Ni lòt pi bon zanmi Source: Louange a l'Eternel, Mahalaleel

Dans l'acutalités...