BonDye

1 Senyè Bondye, mwen sezi nan prezans ou Lèm wè monn sa a Se men ouk te kreyel, Zetwal yo la, mwen tande loraj gwonde; Se pisans ou tout linivè montre. Kè Nanm mwen chante nan ou Bondye pisan: Ala ou gran! Ala ou gran! (2 fwa) 2 Lè mwen sonje, Bondye bay sèl pitit li Poul vin mouri, se sa ki touche kèm Sou bwa Kalvè, li pote tout fado mwen, San li koule pou wete tout pechem. 3 Lè Kris parèt, zanj yo va admire li La pranm nan syèl nan rejwisans tout tan; Ma pwostène nan pyel pou adore li, E pwoklame: Bondye ala ou gran!
1 Kè mwen boulvèse anba kòlè Bondye, Anvi lemonn trennenm nan bafon peche Senyè, pou yon pòv mizerab gen pitye, Touswit li potem sekou kotem te ye. Kè Li retirem nan labou peche, Li mete pyem sou tè fèm se vre, Li fè kèm rejwi e map chante Yon chan, pou Bondye, Alelouya! 2 Li te metem sou tè fèm bò kote li Pye mwen vin asire nan chemen lavi, Nanpwen danje ankò, li kenbem debou, Map mache pazapa avèk li toujou. 3 Li mete yon chan louwanj anndan kè mwen Lannwit kon lajounen se li map chante Kè mwen ap debòde, nanm mwen afranchi, Tout glwa pou Redanmtè Senyè Jezikri. 4 Map chante gran mizèrikòd li pou mwen Map felisitel jouk tan tout moun konnen Nanpwen lòt Sovè pou lèzòm jodi a, Vin chache sekou li avan li twò ta.
1 Bondye pral voye kòbo a nan mezon mwen Bondye pral voye kòbo a nan mezon mwen Menm si lapli pako tonbe Menm si pye fwi yo pako donnen Menm si lagè ta ravaje tout kote Mwen espere Bondye pral voye kòbo a nan mezon mwen. 34 CAC – Bondye pral voye kòbo a nan mezon mwen
  1Si Bondye pou nou, kilès ki va kont nou?kilès ki va kont nou, kilès ki va kont nou?Si Bondye pou nou, kilès ki va kont nou?Pèsonn, pèsonn, pèsonn.41 HCA Radio Lumière – Si Bondye pou nou kiyès ki va kont nou
- Advertisement -

Dans l'acutalités...