chan desperans

1 Mwen vle rakonte sa Kris fè pou mwen Depi li jwenn mwen zafèm tou chanje Nan prizon djab la Kris banm libète Wi Jezi te delivrem. Kè Jezi te delivrem, Jezi te delivrem Tenèb peche tounen nan bèl klate Wi Jezi te delivrem. 2 Chanalite fèm bliye gras Bondye Sousi lavi te fè mwen pè lanmò Jezi sovem e mwen pa pè ankò Wi Jezi te delivrem. 3 Sa Kris fè pou mwen la fèl pou ou tou Levanjil la se pou moun toupatou Sal fè pou mwen li va fèl pou ou tou Wi Jezi vle delivre ou.
1 Espwa lemonn se Jezi, Sèlman kwè nan li. (2 liy, 2 fwa) Li va bay jwa ak lapè, Wete tristès ak peche. Espwa lemonn se Jezi, Sèlman kwè nan li. 74 kreyol – Espwa lemonn se Jezi appeared first on
1 Bò pui Jakòb la yon jou Senyè a Rankontre yon Samaritèn Ki vini pran dlo, Jezi mande li bwè Fanm sila etone Eske ou pa konnen Jwif avèk Samaritèn Pa gen okenn rapò, Pa gen okenn relasyon; Pouki ou mande mwen bwè. Si ou te konnen ki don Bondye E kilès ki diw ba li bwè Se ou menm pito ki ta mande E mwen ta ba ou yon bon dlo; Yon dlo ki pap janm fini E ki va dire nan lavi ou Pou tout letènite. Refren Mezanmi tande mwen Jwenn yon nonm Ki di mwen tout sa mwen fè, Nonm sila se yon pwofèt Eske se pa li menm ki Kris la! Mezanmi tande mwen Jwenn yon nonm Ki di mwen tout sa mwen fè, Nonm sila li se pitit Bondye Se li menm ki Mesi a, Li konnen tout sa ki nan kè mwen. Sa se yon bagay ki mèvèye! Li ban mwen yon dlo Pou mwen pa janm swaf. 2 Lè fanm nan tande Jezikri Kapab ba li yon dlo Pou li pa janm swaf, Fanm nan etone pi plis Li mande ki kote ou Va jwenn bon dlo? Tou de men ou vid Ou pa gen anyen pou pran dlo Eske ou pi gran pase Jakòb ki bay pui sa a, Ban mwen yon ti gout ladann. Jezi di fanm nan: kote mariw, Ale chachel epi vin jwenn mwen. Fanm nan bay manti Men, elas! Pa gen pyès moun Ki ka twonpe Jezi Ou di ou pa gen mari, E poutan ou pase senk deja E dènye a pa pou ou. 3 Mezanmi tande mwen jwenn yon nonm Ki ban mwen yon dlo Pou mwen pa janm swaf (bis 3 liy) Vini bwè dlo sa a Epi swaf ou va pase.
1 Ale, ale, wi, pechem ale, Kounyè a mwen lib E kè mwen ap chante: Pechem nan pi fon lanmè, Jezi te wetel pou mwen. Mwen va viv etènèlman, Amèn! Pechem ale. 75 kreyol – Ale, ale, wi, pechem ale appeared first on
- Advertisement -

Dans l'acutalités...