chan desperans

1 Mwen sonje yon jou Kijan mwen te malad Doktè te di konsa Li pa kwè map sove Paranm yo tande sa, Yo tout te pran kriye Men Jezi te pale nan jou sa a. Kè Mwen pa kapab bliye, bliye jou sa a Kòman poum ta bliye jou sa a Joum te jwenn soulajman Pou nanm mwen Glwaradye! (2 fwa, 4 liy) 2 Lè mwen pat gen Jezi Kè mwen te toujou tris Mwen pat kapab manje, Mwen pat kapab dòmi Lèm rankontre Jezi Tout bagay te chanje Ala yon bon zanmi se Jezi! 3 Lè mwen te nan lemonn Mwen toujou tap kriye Peche mwen yo te wouj E tèt mwen te chaje Chak jou mwen te leve Pwoblèm agoch, adwat Mwen te remèt lavim bay Jezi. 4 Jodi a si gen moun Ki poko gen Jezi Kouri vit akseptel Paske lè a rive Nan Jezi gen lavi, Gen lajwa nan Jezi Nan Jezi gen yon lèt kap koule.
1 Sa nou bay nan lofrann Nou bay li pou Jezi, (2 liy, 3 fwa) E li va ban nou toujou. 2 Pati ki pou Jezi Nan sa Jezi ban nou (2 liy, 3 fwa) Pinga nou gadel pou nou. 3 Jezi bezwen lajan Pou lèv li ka mache, (2 liy, 3 fwa) E se sou nou li konte. 4 Pinga nou janm fache Paske se pou Bondye, (2 liy, 3 fwa) Li va ban nou plis toujou. 5 Nou ka byen ajoute Yon ti don volontè, (2 liy, 3 fwa) Annou fè sa ak tout kè.
1 Gen moun ki konprann ale nan syèl la Se tankou pran panye ale nan mache, Se pa bèl kay, ni lajan ak bèl oto. Refren Ale nan syèl se pa jan ou konprann nan, Fòw met lafwaw nan Jezikri Pouw ka ale nan syèl. Ale nan syèl se pa janw konprann nan, Fòw met lafwaw nan Jezikri, pouw ka ale. 2 Malgre nap chante, malgre nap priye Malgre nap jene temwanye toulejou, Epi gen yon moun ki mare sou kè nou Eske nou se moun ki kwè nan Kris? 3 Ou gen si lontan depi ou nan legliz Konduit ou fè wè ou pako kretyen vre, Renmen an kachèt avèk lemonn yo, Epi nou konprann pou nale nan syèl. 4 Ou genyen dwèt long; ou genyen lang long. Ou genyen de madanm; ou genyen de mennaj. Siw antre nan yon legliz san konvèti Ou pap kapab antre nan syèl la.
1 Byen lwen lòtbò chemen an Na gen randevou, Mwen menm avèk ou. Byen lwen lòtbò chemen an Ma kontre nan bèl peyi sa a ak ou. 2 Si ou rive lòtbò avan mwen Na gen randevou, Mwen menm avèk ou; Di tout lèzòt yo mwen nan wout tou, Ma kontre nan bèl peyi sa a ak ou.
- Advertisement -

Dans l'acutalités...