chan desperans

1 Nou regrèt, fòk nou separe, Alèkile nap prepare Pou nou anbrase e pou nou ale Lapè, orevwa! 2 Nan men Bonye ki pap kaba, Se li menm kap gide nou pazapa Epi nou ka jwi pwoteksyon sa a, Lapè, orevwa! 3 Gwo delivrans nap resevwa Avèk lanmou li e pisans lafwa Kounyè a nou pral nan gran travay la Lapè, orevwa! 4 Kouraj, kouraj, kenbe lafwa, Si nou pa ka ret ansanm isiba Se pou nou fidèl jouk nou nan laglwa, Lapè, orevwa!
1 Mwen renmen chante yon si bèl istwa, Depi Kris te sanntifye mwen, E nanm mwen te jwenn yon kado, lajwa, Depi Kris te sanntifye mwen. Refren Mwen pap janm bliye, Jou sa a Jezi sovem, Jezi sovem, Jezi sovem Mwen pap janm bliye, Jou sa a Jezi sovem Lè Jezi te sanntifye mwen. 2 Tout dout ak krent mwen efase Depi Kris te sanntifye mwen Anfen li te konblem ak gras li Lè Jezi te sanntifye mwen. 3 Plezi lemonn vin pa enteresem Lè Jezi te sanntifyem Lespri Bondye vin abite nan mwen Lè Jezi te sanntifye mwen. 4 Mwen pa kapab fè tripotay sou frèm yo, Depi Kris te sanntifye mwen, Mwen pa ka fè tripotay sou sèm yo, Depi Kris te sanntifye mwen. 5 Kò mwen vini yon tanp pou Sentespri a Depi Kris te sanntifye mwen, Mwen pa ka viv nan peche sal ankò Depi Kris te sanntifye mwen.
1Ou bezwen konnenKòman Jezi te sove mwen?Li te vin wetem nan monn egareMwen te gen lajan,Men mwen pat genyen yon bi;Sete plezi, manje,Byen bwè e mouri.Jezi nan lanmou li,Te ban mwen apèl sa a:Vin jwenn mwen,Moun ki fatige e chaje;Ma va soulaje ou,Ma va pwoteje ou.Pou tout pwoblèm ouMwen genyen vrè solisyon;Ou va gen lavi, jwaLapè pou tout tan,Ou va gen espwa lavi etènel.2Mwen kite satanPou mwen vin aksepte Jezi;E depi lè sa a tout lavim te chanjeTout tristès mwen te aleLajwa te ranplim.Lajanm kounyè a,Mwen pap pote li bay ongan;Map chita manje liAvèk fanmi mwen.Lajanm kounyè a,Se pou travay Bondye;Li pran sousi mwen,Gade kijanm viv byennere.Pwoblèm pa twoublemMwen vin san pwoblèmPaskem gen Jezi.Jezi vini, li ban mwen lavi. (2 fwa) 
1 Lemonn se pa lakay mwen, Nan syèl mwen prale; Trezò mwen ak kè mwen, Anwo, yo tout fikse. Mwen tande zanj yo Kap rele mwen ale la, E mwen pa ka santim Twò alèz isiba. Kè Jezi, ou konnen Ou se sèl zanmi mwen, Sim pat gen espwa syèl, O Senyè, sam ta fè? Mwen tande zanj yo Kap rele mwen anlè a, E mwen pa ka santim Twò alèz isiba. 2 Mwen konnen mwen pa bon, Mwen fè anpil peche, Men mwen gen tout espwa Paske Kris se Sovèm; Se li menm ki te mouri Sou bwa Kalvè a E li te sove nanm mwen pou letènite. 3 Mwen gen kèk byenneme Ki al nan syèl deja; Yo nan bra Jezikri E yape tann mwen la. Mwen vle kontinye Lite kon yon bon sòlda. Men Jezi, lè ou relem, Ma vini avèk jwa. 82 Réveillons-nous – Lemonn se pa lakay mwen
- Advertisement -

Dans l'acutalités...