chant d'esperance

1 Byen lwen lòtbò chemen an Na gen randevou, Mwen menm avèk ou. Byen lwen lòtbò chemen an Ma kontre nan bèl peyi sa a ak ou. 2 Si ou rive lòtbò avan mwen Na gen randevou, Mwen menm avèk ou; Di tout lèzòt yo mwen nan wout tou, Ma kontre nan bèl peyi sa a ak ou.
1 Yon jou m te pèdi nan chemen an Mwen pa te ka konnen Ki kotem dwe ale Men yon nonm te vini pran men mwen E li te kondui mwen kote dlo a byen fre. Kè Jezi se Wa, Jezi se Wa Jezi se Wa tout wa Lap vin chache mwen Pou male nan syèl la Jezi se Wa tout wa. 2 Depi jou menl te poze sou mwen Lavi mwen te chanje E nanm mwen te vin lib Nan kè mwen toujou genyen yon chan Ki temwanye grandè Gran lanmou li pou mwen. 3 Ala yon si gran jou sa va ye Lè Jezi va vini Pou pran mwen avèk ou Anpil moun va di: Senyè! Senyè! Men yo pap ka antre nan bèl vil selès la.
1 Mwen te deside Poum swiv Lesenyè, (2 liy, 3 fwa) Mwen pap tounen. (2 fwa) 2 Lemonn dèyè dom, Lakwa devan jem, (2 liy, 3 fwa) Mwen pap tounen. (2 fwa) 3 Sim dwe ale sèl, Toujou ma swiv li, (2 liy, 3 fwa) Mwen pap tounen. (2 fwa)
1 Depi nan tan lontan Lèzòm te toujou mechan Kayen touye Abèl se sa n wè lòm pratike Jezi vin sou latè Pou wete peche kriminèl yo Y aretel, yo touyel, Yo klouwel sou lakwa. Kè Elas! Elas! Mwen regrèt sa pou lemonn Talè konsa lemonn pral boulvèse vre Elas! Elas! Mwen regrèt sa pou lemonn Talè konsa lemonn pral dlo nan je. 2e Kè Elas! Elas! nou wè lemonn mechan vre Peche fè lòm vire do bay Letènèl Jezi vini pou anonse wayòm nan Kote jistis Bondye va eklate. 2 Akab ak Jezabèl Met ansanm yo touye Nabòt Akab ak Jezabèl te panse Bondye pat wè yo Sa pat rete konsa, Letènèl te kondane yo Yon jijman, yon egzanp Bondye trase sou lòm. 3 Lèzòm fabrike zam Se pa pou yo detui pye bwa Lèzòm fabrike zam Se pa pou detui zannimo Lèzòm fabrike zam Se pou yo detui lòm parèy yo Yap touyew, yap jetew Kè yo pa janm sote, elas. 4 Pou nenpòt ti bagay Nou wè moun ape touye moun Pou nenpòt ti plezi Nou wè moun met kouto sou moun Moun paka gade moun Yon moman yo mete ou kadav Yap touye, yap boule, Epi yap banboche, elas.
- Advertisement -

Dans l'acutalités...