1
Lemonn se pa lakay mwen,
Nan syèl mwen prale;
Trezò mwen ak kè mwen,
Anwo, yo tout fikse.
Mwen tande zanj yo
Kap rele mwen ale la,
E mwen pa ka santim
Twò alèz isiba.
Kè
Jezi, ou konnen
Ou se sèl zanmi mwen,
Sim pat gen espwa syèl,
O Senyè, sam ta fè?
Mwen tande zanj yo
Kap rele mwen anlè a,
E mwen pa ka santim
Twò alèz isiba.
2
Mwen konnen mwen pa bon,
Mwen fè anpil peche,
Men mwen gen tout espwa
Paske Kris se Sovèm;
Se li menm ki te mouri
Sou bwa Kalvè a
E li te sove nanm mwen pou letènite.
3
Mwen gen kèk byenneme
Ki al nan syèl deja;
Yo nan bra Jezikri
E yape tann mwen la.
Mwen vle kontinye
Lite kon yon bon sòlda.
Men Jezi, lè ou relem,
Ma vini avèk jwa.
82 Réveillons-nous – Lemonn se pa lakay mwen
1
Lèm sonje kotem te ye
Mwen leve menm anlè poum adore (2 liy, 2 fwa)
Lèm sonje kotem te ye
Mwen leve menm anlè poum
Adore ou, Jezi.
Adore ou, e louwew Senyè. 84 Echo des élus – Lèm sonje kotem te ye
1
Kitem touche, kitem touche Jezi
Kitem touchel lè lap pase la a
E lèm va lonje menm bay lòt yo
Yo va konnen, yo va viv, yo va sove.
O pou mwen ka wè men ki lonje,
Sove sa yo ki oprime,
Kitem touchel, kitem touche Jezi
Konsa lòt yo va konnen, yo va sove.
Top 10 Musiques Gospel Francophones – Semaine 16, Avril 2025
Découvrez le classement exclusif des 10 musiques gospel francophones les plus écoutées cette semaine. Ce...
Top 10 des Musiques Gospel Haïtiennes – Semaine 16, Avril 2025
Cette semaine 16 de l’année 2025 marque un profond renouvellement du top 10 musiques gospel...