Chorale DEG chante BAT BRAVO

Chorale DEG - BAT BRAVO (Video et paroles) Tout lavi mwen Tout sa m genyen Se ou menm, pa genyen lòt Jwa ki nan kè m Moso bonè m Plante nan jaden ou, mpap pèdi rekòt Men m yo pa sifi Vwa m pa f’ase bri Pou sa ou fè pou mwen M ta Pete kouri Pou mal mache di se pa mwen, se ou menm Se pa fòs pam, Se Letènèl Tout kredi yo se pou Li Se pa talan m, se Li ki fèl An nou bat bravo pou Li Bat bravo pou Elohim Bat bravo Aklame Non Li Bat bravo Pou fason Li renmen nou Bat bravo pou Sentespri Aklame Non Li Pou zèv Li nan lavi nou Bat bravo, Bat bravo pou Letènèl Bat bravo Bat bravo, Bat bravo ( pla pla pla pla ) Bat bravo, Bat bravo pou Jewova Bat bravo Bat bravo, Bat bravo ( pla pla pla ) Si ou (menm tou) w ta gen dout (toujou) sou ki jan Bondye gran Pa bezwen chèche pi lwen, m son temwayaj vivan (bis) Tout glwa se pou Li M pa anyen san Li Kisa m t ap ye? Si se pat Li .................................... #batbravo #choraledeg #deg Musique : Chorale DEG Ecrit : Berwin SYDNEY Melodie : Salomon LIRA ( Salil ) Sequence : Jorvinkeys et Genoldens Desulma ( DENS ) Bass Player : Ariel ACCENA Guitare Player : Ernst Junior MARCELIN Mix et Mastering : David MORINVIL Studio : DaveMasterStudio ................................................. 👉 Lien vers : YouTube video 👉 Lien vers : Facebook 👉 Actualités :

Dans l'acutalités...