Intro:
Tanpri souple senyè mwen ki te m apiye sou ou pou m n'pa tonbe.
Verse I
Tanpri souple Senyè
Louvri zye m pou mwen wè
Lè m vle fè move chimen
Ki pou devye plan lavi mwen,
Map mete m tou piti
Map koube m jiska tè
Mwen pa vle anyen isi
fè m vire gade deyè.
Refren
Tanpri souple Senyè mwen
Kite m apiye sou ou, kite m apiye sou ou pou m pa tonbe (2fwa).
Verse II
Chak fwa m ouvri bouch mwen,
Mwen atriste sentespri w,
Lè m repase lavi mwen
Chak jou m wè m krache nan figi w,
Mwen bouke abandone w pou nenpot ti byen la tè,
Jodi a mwen deside pou m toujou rete pi prè w.
Refren:
Tanpri souple Senyè mwen ki te m apiye sou ou, kite m apiye sou ou pou m pa tonbeeee (2fwa)
Bridge:
Senyè lè m reyalize jan w renmen m, dlo pran koule nan zye mwen paske m abuze bonte w.
Mwen kite plezi mond sa fè m retire men m nan men w, fè m bliye tout soufrans ou te pran pou mwen(2fwa)
Refren:
Tanpri souple Senyè mwen ki te m apiye sou ou, kite m apiye sou ou pou m pa tonbe,
Kite m apiye sou ou pou m pa tonbe, kite m apiye sou ou pou m pa tonbeeeeeee.
DUMAY J. BERTHO
Wiliadel Denervil et Fre Gabe : Leur collaboration dans "Istwa Pou W Rakonte"
Wiliadel Denervil est une artiste haïtienne contemporaine de musique chrétienne, reconnue pour...
Rapport sur les dérives sectaires dans les églises évangéliques
Le rapport annuel de la Mission interministérielle de vigilance et de lutte contre les dérives sectaires...
Étude sur l'impact de la prière sur le cerveau
La prière, une pratique spirituelle universelle, suscite un intérêt croissant dans le domaine des neurosciences. Des...
Les boîtes de nuit chrétiennes sont un concept émergent qui propose un divertissement alternatif aux lieux traditionnels. Ces clubs visent à créer un espace où les...