Evelyne Baille

Kon rwa David montre m renmen ou Sajès rwa Salomon m mande tou Pwosperite pè Abraham m reklame Fè m yon benediksyon kote m pase   Ou se bonè m Ou se lapè m Gwo richès mwen Ak tandrès mwen Ou se lajwa m Se sèl espwa m Ou se tout byen m Sous la vi mwen   Wete dekourajman k anpare m Chase vye lespri k anviwone m Ede m ret konekte ak lespri ou Pou m ka mache fidèl ak ou   Pou ki m ta viv si se pa pou Kris Pi pre w chak you fè m apwoche plis Segnè m se tout bagay pou mwen Li se tout byen m sous la vi mwen   Ou se bonè m Ou se lapè m Gwo richès mwen Bèl pwomès mwen Ou se lajwa m Se sèl espwa m Ou se tout byen m Sous la vi mwen   Ou se lajwa m Ou se lespwa m Pi bèl kado Sous la vi mwen Tout byen m genyen Sous la vi mwen Tout byen m Sous la vi mwen

Dans l'acutalités...