Ala bel bagay le w pitit BonDye
Li renmen m yon jan ke pèsòn
Pa remen m
Li toujou pare pou defann koz mwen yo
Ala yon sovè so meveye pou mwen (bis)
Li di m vin jwenn Li
L'ape ban m yon repo
Le m santi mwen tris
Li met la jwa nan kè m
Li ban m la sante
Sekirite, lapè
Jezi se Bèje m
Ki toujou pran swen mwen
Jezi konnen mwen la
L' pap kite m sèl nan batay sa
Non non non Jezi m nan pap abandone m'
Nenpòt sa ki rive kite je w fikse sou Li Paske
L' se BonDye ki toujou Kenbe pwomès Li
Sikonstans yo anpil men Jezi pi wo pase yo
Mwen pa pè Paske Li toujou la pou mwen
Mechan ka atake w men se ou kap triyonfe Paske
Ak Jezi mwen déjà genyen la Viktwa
Se BonDye ki merite tout glwa
Pou sa l' ye ak pou tout sa Li fè
Nan pousyè Li pran pòv yo l' leve yo
Ka pa m nan pap ka rete Fok sa chanje (bis)
Mwen se gayan
Mwen pap Janm pèdan
Sa Bondye vle m' ye
Anyen pap ka bloke m
Tout gwo montay
Ki Kanpe devan m
O non de Jezi
Yo tonbe ban m pase (bis)
Wiliadel Denervil et Fre Gabe : Leur collaboration dans "Istwa Pou W Rakonte"
Wiliadel Denervil est une artiste haïtienne contemporaine de musique chrétienne, reconnue pour...
Rapport sur les dérives sectaires dans les églises évangéliques
Le rapport annuel de la Mission interministérielle de vigilance et de lutte contre les dérives sectaires...
Étude sur l'impact de la prière sur le cerveau
La prière, une pratique spirituelle universelle, suscite un intérêt croissant dans le domaine des neurosciences. Des...
Les boîtes de nuit chrétiennes sont un concept émergent qui propose un divertissement alternatif aux lieux traditionnels. Ces clubs visent à créer un espace où les...