ESPERANS MWEN
Esperans mwen pa isiba
Peleren m'ye pase m'ap pase
Menm si m'ap soufri
M'konn sa gen pou'l fini
Jezi ap vin chèche mwen
M'konte sou sa l'te di mwen==>
(Lakay papa mwen gen plizyè plas
Kote'm va ye a
Se la w'va ye)
Ref
Esperans mwen
Pa isiba
M'gen pou'm ale
Jwenn sovè mwen
Kote'l va ye
Se la m'va ye tou
Ma va kontan pou letènite
2
Tout byen latè yo gen pou pase
Pawòl Bondye la pou letènite
M'ap batay pou'm ret nan wout mwen
Tèt mwen pap pati pou anyen
Jezi gen pou'l vini
M'ap konte sou sa l'te di mwen ===>
M'ale m'ap tounen
M'pral prepare plas
Kote'm va ye an
Se la w'va ye tou
Ref===>>>
Bridge 1
Pap gen doulè
Soufrans pral fini
Tout vye gou amè
Yo gen pou pati
M'a va bliye sa m'te pase
Kalamite m'andire
Jwa mwen pap ekspire
Pou tout letènite
(2 fwa)
Bridge 2
Rèy satan fini
Nan lanfè l'ap soufri
Malè ak tout moun ki te chwazi swiv li
Moun sove yo ap rejwi
Bonè yo pap fini
Yo bliye soufrans yo
Glwa Bondye klere yo
Esperans mw pa isiba
Maranatha Christ Revient bientôt
Mohammed Sanogo, pasteur, auteur et leader charismatique ivoirien, propose avec « Je suis béni.e » une réflexion profonde sur la puissance de la bénédiction...
Menace sur les églises évangéliques de Barcelone : un conflit entre urbanisme et liberté religieuse
Un plan de réaménagement du quartier industriel de Sant Andreu,...
Rapport sur les dérives sectaires dans les églises évangéliques
Le rapport annuel de la Mission interministérielle de vigilance et de lutte contre les dérives sectaires...
Étude sur l'impact de la prière sur le cerveau
La prière, une pratique spirituelle universelle, suscite un intérêt croissant dans le domaine des neurosciences. Des...