Jou pa-m nan

Map soufri, an menm tan map souri Soufrans mwen pa lwen fini Map mache menm si rout la move M konnen m pa lwen pou m poze. Ou met ofri m, tout sa w vle zanmi M pap retire je m sou kris, non non. Ou pa bezwen pran lapenn pou mwen Jou pa’ m lan pa lwen rive Ke Jou pa’m nan preske rive Delivrans mwen pre rive Jou pa m nan preske rive Se jou Jezi va vini, la va sere m Nan bra li. Wi jou sa a pa lwen rive. Soufrans mwen se pou yon ti moman Map soufri ak ke kontan, le jou sa a va rive Tout traka va fini, nou pral fete pou toutan. Musique et parole : David LINDOR Chantee par Maxime M. PIERRE. 1996

Dans l'acutalités...