kontwol

yon jou swa ve 9 e konsa apre lapli te fin tonbe nyaj yo te wete ko yo nan syel la mwen te chita map kontanple zetwal ak la lin kap klere e mwen tap tande lasigal kap chante mwen tap reflechi sou amoni ki gen nan la nati se tankou yon okes kote tout enstriman akode menm moman an mwen tande 2 katouch epi m sote mwen santi mwen kontrarye paske gen yon enstriman ki pa akode KE enstriman sila a se mwen menm avew li ye nou pa janm ini nou poun vanse konsa nap degrengole mechanste ak peche se fo not sa yo ki fe nou ap detone si nou pa chanje nou pap janm kapab byen jwe diapazon an se Jezi li ye sou li sel pou n akode charite ak lanmou se bel not sa yo kap fe nou amonize konsa okes la ap byen jwe. Nan 6 jou gran met la kreye le mond ak tout sa k ekziste e yo chak te genyen patisyon pa yo pou yo jwe te a dwe fe wonn soley la, soley pa ka fe yon pa kita e lapli dwe tonbe pou te a ka bay manje patisyon chak enstriman nan men yo pou yo jwe depi youn dezobeyi se tout okes la kap peye sa enstriman k te pi enpotan pou maestro a se li menm ki dezakode depi le Eve lonje men l li touche fwi a KE(reprise) fin : okes la ap byen jwe le nou mete tet ansanm an nou preche linyon an nou preche lanmou pou okes la ka byen jwe

Dans l'acutalités...