LONTAN

1 Depi nan tan lontan Lèzòm te toujou mechan Kayen touye Abèl se sa n wè lòm pratike Jezi vin sou latè Pou wete peche kriminèl yo Y aretel, yo touyel, Yo klouwel sou lakwa. Kè Elas! Elas! Mwen regrèt sa pou lemonn Talè konsa lemonn pral boulvèse vre Elas! Elas! Mwen regrèt sa pou lemonn Talè konsa lemonn pral dlo nan je. 2e Kè Elas! Elas! nou wè lemonn mechan vre Peche fè lòm vire do bay Letènèl Jezi vini pou anonse wayòm nan Kote jistis Bondye va eklate. 2 Akab ak Jezabèl Met ansanm yo touye Nabòt Akab ak Jezabèl te panse Bondye pat wè yo Sa pat rete konsa, Letènèl te kondane yo Yon jijman, yon egzanp Bondye trase sou lòm. 3 Lèzòm fabrike zam Se pa pou yo detui pye bwa Lèzòm fabrike zam Se pa pou detui zannimo Lèzòm fabrike zam Se pou yo detui lòm parèy yo Yap touyew, yap jetew Kè yo pa janm sote, elas. 4 Pou nenpòt ti bagay Nou wè moun ape touye moun Pou nenpòt ti plezi Nou wè moun met kouto sou moun Moun paka gade moun Yon moman yo mete ou kadav Yap touye, yap boule, Epi yap banboche, elas.
EMAIL:[email protected] LIEN FACEBOOK web.facebook.com/jeanclaude.d...source

Dans l'acutalités...