Lourdie Jean Charles

Lourdie JEAN CHARLES - MWEN POU OU Lourdie Jean Charles - Mwen pou ou (video et paroles) Mwen Pou Ou -1- Yon kò ki te san valè, Yon nanm ki te nan fènwè, Ou vini, ou met limyè Ou trase chimen nan malè Ou netwaye m Ou restore m Ou wete tout sa k pa bon; Ou chwazi mwen, Ou met so w sou mwen, M deklare anyen p ap wete w nan mwen. -Kè- Se pou glwa ou manisfeste Se pou lavi m depann de ou Se pou m sèvi w Mache ak ou Mwen pou ou, mwen pou ou -2- Dèfwa m ba w kout kouto nan do, Poutan w geri blese m yo Dèfwa m menm vire do m ba w Poutan ou toujou prè pou tande vwa m Ou padone m menm asepte m Ou mete manto lagras sou do m; Ou rele m pa w, Ou pote m sou do w M deklare anyen p ap wete w nan mwen. -Kè- Se pou glwa ou manifeste Se pou lavi m depann de ou; Se pou m sèvi w mache ak ou Mwen pou ou Mwen pou ou Se pou onksyon antre nan mwen Se pou lespri w gide lespri m Ke prezans ou rete nan mwen Mwen pou ou mwen pou ou Ooooooooooooooooo Demander les accords (chords) via whatsapp DIRECTED BY : @judelinvisualcreative5463 Please leave your comments down below, Like and share the video! And lastly Subscribe to the channel! Producer & Sequencer: Genoldens Desulma Studio: world Media Choir: Alexis Fortune Nedjy Thevene Jean Charles Lourdie Dukens Gauthier Songwriter: Jean Charles Lourdie Text corrector: Louinet Nicolas & Sony Lamarre assistant vidéaste : Lima Lucien Daniel Clifenly LAZARD Jean judenel Isaac 👉 Lien vers : YouTube 👉 Lien vers : Facebook

Dans l'acutalités...