I
Jezu, se ou men’m ki tout fòs mwen
Se ou-k pi bon zanmi mwen
Si-w pat nan lavi mwen
Ki moun ke mwen ta ye.
Jezu, se nan ou mwen jwenn repo
Se kote-w mwen vle rete
Ede-m pou-m pa glise
Sou rout salu ya a
Kè :
Mèsi pou lavi ou ban mwen
Mèsi pou lespri-w ki nan mwen
Mèsi dèspke ou chwazi mwen
Nan ou mwen jwenn lavi
Ki pap janm fini.
II
Jezu, pafwa’n di sa’n pa dwe di
Pafwa’n fè sa’n pa dwe fè
Malgre defo nou yo
Ou fè-n pitit ou
Jezu, nan tristès ou pot la jwa
Nan fè nwa ou pot lumyè
Lè-w la pagen pwoblèm
Ki pa ka rezoud
Sur demande de plusieurs fans, l'album est à nouveau disponible en ligne
TELECHARGER L'ALBUM OU VOTRE MORCEAU PREFERE ICI
I
Nan pawòl ou, ou di konsa’a
Si nou mande-w na va trouve
Men map mande-w, tanpri segnè
Tande kri kè mwen en en
Mwen ta renmen, vini pi pre-w
Sanm pa genyen, kerèl nan kè e em
Jalousi ak, move panse
Chase yo o nan mwen en
Kè
Mwen vle pou nanm mwen beni-w
Retire nan mwen tout sa ki pa bon
Mwen vle genyen yon lot vi
Met nan mwen segnè kalite pa ou yo
II
Lè mwen peche, ou padone’m
Chak fwa’m tonbe, ou leve mwen
Depi se mwen, ou trè pasyan
Mesi pou lanmou ou sa
Lè’m panse’m sèl, ou toujou la
Lè’m inkyete’m, ou banmwen fòs ou
FRANCHMAN bondie, mwen pa gen mo
Pou’m di’w jan m renmen -w
III
Retire ènn, banmwen lanmou
Pran feblès mwen, ban mwen fòs pa a aw
Pran chagrin m yo ban mwen jwa paw
Fè mwen jan an ou vle e
Kè 1
Pouki visaj ou make chagrin
Pouki la fwa w diminie konsa
I
Wape sèvi yon bondie ki gen tout pouvwa
Toutan wap di’l poutan nan lavi’w se pa sa
Ou toujou di ke ou se pitit yon gran rwa
Ou konpòte-w tan kou yon moun ki san espwa
II
Jan wap mache ou pa ta di w’pa konn bondie
Tèlman ou mache avèk gro dekourajman
Lè wap priye ou pafè-l avèk konviktyon
Ou pa chèche bagay spirityèl pou nanm ou
Kè 1
Ke 2
Gade monchè konprann ou
Gade machè konprann ou
Si-w di-w kretyen
Konpote-w kòm kretyen
III
Lè-w gin pwoblèm Pouki ou pa rele jezu
Telefònn pa Jezu yan pa janm konn anpann
Se-on lign dirèk se jezu menm kap reponn ou
Olye –w rele lòt moun pito-w rele Jezu
Kè 3
Rele Jezu, la geri nanm ou
Rele Jezu, la ba ou lavi
Wiliadel Denervil et Fre Gabe : Leur collaboration dans "Istwa Pou W Rakonte"
Wiliadel Denervil est une artiste haïtienne contemporaine de musique chrétienne, reconnue pour...
Rapport sur les dérives sectaires dans les églises évangéliques
Le rapport annuel de la Mission interministérielle de vigilance et de lutte contre les dérives sectaires...
Étude sur l'impact de la prière sur le cerveau
La prière, une pratique spirituelle universelle, suscite un intérêt croissant dans le domaine des neurosciences. Des...
Les boîtes de nuit chrétiennes sont un concept émergent qui propose un divertissement alternatif aux lieux traditionnels. Ces clubs visent à créer un espace où les...