1
Senyè Bondye, mwen sezi nan prezans ou
Lèm wè monn sa a
Se men ouk te kreyel,
Zetwal yo la, mwen tande loraj gwonde;
Se pisans ou tout linivè montre.
Kè
Nanm mwen chante nan ou Bondye pisan:
Ala ou gran! Ala ou gran! (2 fwa)
2
Lè mwen sonje, Bondye bay sèl pitit li
Poul vin mouri, se sa ki touche kèm
Sou bwa Kalvè, li pote tout fado mwen,
San li koule pou wete tout pechem.
3
Lè Kris parèt, zanj yo va admire li
La pranm nan syèl nan rejwisans tout tan;
Ma pwostène nan pyel pou adore li,
E pwoklame: Bondye ala ou gran!
1
Mwen se temwen Jezikri
Map obeyi li
Lemonn pa ka bay lavi
Se sèl Jezikri.
Mwen vle konsakre lavim
Poum fè sèvis li
Tout byen m gen sou latè
Se pou travay li.
Kè
O! Wi, pouw temwen
Fòw konnen Jezi,
Sèl pitit Bondye a
Ki mouri pou nou;
Lòm pa kapab jwenn Bondye
Sanl pa jwenn Jezi
Alelouya! m te pèdi
Menm twouve lavi.
2
Abraram papa lafwa
Bib la di nou sa,
Avan Abraram te la
Jezikri te la;
Jezikri pat janm pa la
E lap toujou la
Pouw gen lavi etènèl emwen
Fòw nan Jezikri.
3
Lèm kwè m te pre Jehova
Poutan m te byen lwen,
Mwen tap chache verite
Tout kotem pase;
Tout pouvwa pou Jezikri
Ki fèm wè erèm
Se li ki laverite
Pou letènite.
4
Senyè Bondye twa fwa sen
Ki gen tout pouvwa
Ou ki voye Jezikri
Vin mouri pou nou
Nou ba ou remèsiman
Pou bon Sovè sa
Ki te bay lavil pou nou:
Jezi Wa tout wa.
11 Voix du réveil – Mwen se temwen Jezikri
1
Mwen te vin jwenn Jezi byen fatige,
Jezi ban mwen repo (bis)
Alèkile kè mwen vini byen ge,
Jezi ban mwen repo.
Kè
Jezi se sèl Sovèm,
Li padone pechem.
Li mete yon chan nan kè mwen.
Mwen kontan, Jezi se sèl Sovèm.
Jezi se sèl Sovèm.
2
Fado pechem te twò lou poum pote;
Jezi soulaje mwen (bis)
Mwen ba Li tout fadom alèkile;
Jezi soulaje mwen!
3
Jezi wete tout kondanasyon mwen
Li padone pechem (bis)
E kounyè a gen lapè nan kè mwen
Li padone pechem.
4
Vin jwenn Jezi,
Vin jwenn li jodi a
La wete peche ou (bis)
La fè ou kontan, Li va sove ou;
La wete peche ou!
1
Kè mwen boulvèse anba kòlè Bondye,
Anvi lemonn trennenm nan bafon peche
Senyè, pou yon pòv mizerab gen pitye,
Touswit li potem sekou kotem te ye.
Kè
Li retirem nan labou peche,
Li mete pyem sou tè fèm se vre,
Li fè kèm rejwi e map chante
Yon chan, pou Bondye, Alelouya!
2
Li te metem sou tè fèm bò kote li
Pye mwen vin asire nan chemen lavi,
Nanpwen danje ankò, li kenbem debou,
Map mache pazapa avèk li toujou.
3
Li mete yon chan louwanj anndan kè mwen
Lannwit kon lajounen se li map chante
Kè mwen ap debòde, nanm mwen afranchi,
Tout glwa pou Redanmtè Senyè Jezikri.
4
Map chante gran mizèrikòd li pou mwen
Map felisitel jouk tan tout moun konnen
Nanpwen lòt Sovè pou lèzòm jodi a,
Vin chache sekou li avan li twò ta.
Menace sur les églises évangéliques de Barcelone : un conflit entre urbanisme et liberté religieuse
Un plan de réaménagement du quartier industriel de Sant Andreu,...
Top 10 des musiques gospel francophones – Semaine 15
Cette semaine marque des mouvements intéressants dans le classement des musiques gospel francophones. Certains artistes progressent,...