1-
OU TE MOURI SOU BWA KALVE
POU MWEN TE KAPAB GEN LA VI
SI VIM KA GEN SANS JODIA
SE GRAS AK SAKRIFIS SILA
SI JODIA MAP CHANTE NONW
SE PASKE MW REKONESAN
TOUT VIM FOM BA OU GLWA
PASKEW MERITE SA A
REF-
JEZI
NON SA KI BAY LA VI A
JEZI
NON KI FE LAVIM GEN SANS
JEZI
POU LIMENM MAPE CHANTE
JEZI
LI MERITE GLWA A
2-
OUMENM KI VLE DEKOURAJE
AK TOUT PROBLEM NAN LA VI SA A
MWEN VLE DIW FE JEZI KONFYANS
LI GEN POUVWA POUL DELIVREW
JANL TE DELIVRE
PEP ISRAEL ANBA LAME FARAON
KONSAL KA DELIVREW
NAN TOUT PROBLEM OU YO
REF-
JEZI
NON SA KI BAY LA VI A
JEZI
NON KI FE LAVIM GEN SANS
JEZI
POU LIMENM MAPE CHANTE
JEZI
LI MERITE GLWA A
3-
NON JEZI DELIVREL GERI LI KONSOLE
JUST FE LI KONFYANS E WA WE GRANDE AMOU LI
LI PA MANDEW ANPIL BAGAY SELMAN OBEYIL
FE VOLONTEL
E KONSA WA VA WE KOMAN TOUT BAGAY VA CHANJE
OUMENM KI POKO PRAN JEZI POU SOVEW
MAP DIW VINI HAN JODIA SE JOU PAW LA MENM
PA DI DEMEN WA GEN TAN PASKEW PA KONN KILE
WAP MOURI
PANDANW GEN TI SOUF LA PROFITE PRAN JEZI
DEPI LANMO PASEW PAT GENTAN FE SA
OU PRAL BOULE SE POU SA JODIA
MAP KONSEYEW POUW VINI PRAN AN AN
PON
DEPI KE NONM SILA TE BAY LA VIL SOU BWA KALVE
MW GENYEN ASIRANS KE MW GEN LA VI ETENEL
JODIA MAP CHANTE POUM MONTREL JANM REKONESAN
MAP PALE DE NON LI AK TOUT SA LI KAPAB FE
JEZI
NON SA KI BAY LA VI A
JEZI
NON KI FE KI FE LAVIM GEN SANS
JEZI
POU LIMENM MAPE CHANTE
JEZI
LI MERITE GLWA A
4-
LEW NAN DIFIKILTE TRAKA NAN LAVI SA TOUT KOTEW PASEW
PA WE DEVANW PA WE DEYE OU PA BEZWEN DEZESPERE
PASKE LI DI NAN PAWOL LI PIGA OU ENKYETEW
LAP TOUJOU LA POU OU
LI SE GADOW LI SE BEJEW LEW NAN PROBLEM LAP TOUJOU EDEW
BONTE LI PAP JANM FINI LI SE MENM YE JODIA E POU TOUTAN
SA LI DI AK BOUCH LI LI GEN POUVWA POUL AKONPLIL
SE POU SA...
Rele Jezu
Refren
Jezu
lè m tris mwen rele Jezu
lè m kontan mwen rele Jezu
e li toujou tande m wo o o
Jezu
si w pa t la sa mwen t ap fè Jezu
se sou ou mwen apiye Jezu
kè m pa gen dwa sote
Jounen m kòmanse
m remèsye Bondye
mwen ba l tout sa m ye
lavi m asire
zanmi m pa sou chans
pou l ban mwen delivrans
mwen fè li konfyans
mwen gen asirans
Si w wè m nan lajwa
se li ki fè sa
lè m te san zespwa
li ban mwen viktwa
zanmi pa gen lòt
li se kle pou tout pòt
fò nou pran bon nòt
zafè lèzòt
Pon
Ou pa bezwen pè fè l konfidans
li menm tou li konnen lasoufrans
ou mèt ouvè tout kè w ba li
ou pa ka pèdi pari
li pa p mete w nan lari
Kèlkeswa wotè w rive
sanzatann ou ka tonbe
ou te mèt plen konesans
sèl Jezu k bay asirans
si w kite vi w nan men li
ou pa p janm regrèt zanmi
l ap ba w fòs l ap ba w pouvwa
ou pa p janm tètanba
O depi zafè n ap mache
lèzòm toujou prezante
lè nou tonbe plat atè
tout zanmi vole gagè
men si Jezu avèk nou
nou pa p janm ret pou kont nou
depi n desann sou jenou
li gentan la pou nou
Wiliadel Denervil et Fre Gabe : Leur collaboration dans "Istwa Pou W Rakonte"
Wiliadel Denervil est une artiste haïtienne contemporaine de musique chrétienne, reconnue pour...
Rapport sur les dérives sectaires dans les églises évangéliques
Le rapport annuel de la Mission interministérielle de vigilance et de lutte contre les dérives sectaires...
Étude sur l'impact de la prière sur le cerveau
La prière, une pratique spirituelle universelle, suscite un intérêt croissant dans le domaine des neurosciences. Des...
Les boîtes de nuit chrétiennes sont un concept émergent qui propose un divertissement alternatif aux lieux traditionnels. Ces clubs visent à créer un espace où les...