1
Bondye pral voye kòbo a nan mezon mwen
Bondye pral voye kòbo a nan mezon mwen
Menm si lapli pako tonbe
Menm si pye fwi yo pako donnen
Menm si lagè ta ravaje tout kote
Mwen espere
Bondye pral voye kòbo a nan mezon mwen.
34 CAC – Bondye pral voye kòbo a nan mezon mwen
1Mwen pap bay dyab la okenn plas nan kè mwen,Map kouri chache Jezi.Mwen pap vle koute li lè li vin tantemMap kouri chache Jezi,Satan vle vire mwen tèt anba,Men kouwòn ap tann mwen nan syèl la.Mwen pap bay dyab laOkenn plas nan kè mwen,Map kouri chache Jezi.42 HCA Radio Lumière – Mwen pap bay dyab la okenn plas nan kè mwen
1
Mwen vle rakonte sa Kris fè pou mwen
Depi li jwenn mwen zafèm tou chanje
Nan prizon djab la Kris banm libète
Wi Jezi te delivrem.
Kè
Jezi te delivrem,
Jezi te delivrem
Tenèb peche tounen nan bèl klate
Wi Jezi te delivrem.
2
Chanalite fèm bliye gras Bondye
Sousi lavi te fè mwen pè lanmò
Jezi sovem e mwen pa pè ankò
Wi Jezi te delivrem.
3
Sa Kris fè pou mwen la fèl pou ou tou
Levanjil la se pou moun toupatou
Sal fè pou mwen li va fèl pou ou tou
Wi Jezi vle delivre ou.
1
Mwen sonje yon jou
Kijan mwen te malad
Doktè te di konsa
Li pa kwè map sove
Paranm yo tande sa,
Yo tout te pran kriye
Men Jezi te pale nan jou sa a.
Kè
Mwen pa kapab bliye, bliye jou sa a
Kòman poum ta bliye jou sa a
Joum te jwenn soulajman
Pou nanm mwen
Glwaradye! (2 fwa, 4 liy)
2
Lè mwen pat gen Jezi
Kè mwen te toujou tris
Mwen pat kapab manje,
Mwen pat kapab dòmi
Lèm rankontre Jezi
Tout bagay te chanje
Ala yon bon zanmi se Jezi!
3
Lè mwen te nan lemonn
Mwen toujou tap kriye
Peche mwen yo te wouj
E tèt mwen te chaje
Chak jou mwen te leve
Pwoblèm agoch, adwat
Mwen te remèt lavim bay Jezi.
4
Jodi a si gen moun
Ki poko gen Jezi
Kouri vit akseptel
Paske lè a rive
Nan Jezi gen lavi,
Gen lajwa nan Jezi
Nan Jezi gen yon lèt kap koule.
Wiliadel Denervil et Fre Gabe : Leur collaboration dans "Istwa Pou W Rakonte"
Wiliadel Denervil est une artiste haïtienne contemporaine de musique chrétienne, reconnue pour...
Rapport sur les dérives sectaires dans les églises évangéliques
Le rapport annuel de la Mission interministérielle de vigilance et de lutte contre les dérives sectaires...
Étude sur l'impact de la prière sur le cerveau
La prière, une pratique spirituelle universelle, suscite un intérêt croissant dans le domaine des neurosciences. Des...
Les boîtes de nuit chrétiennes sont un concept émergent qui propose un divertissement alternatif aux lieux traditionnels. Ces clubs visent à créer un espace où les...