1
Senyè Bondye, mwen sezi nan prezans ou
Lèm wè monn sa a
Se men ouk te kreyel,
Zetwal yo la, mwen tande loraj gwonde;
Se pisans ou tout linivè montre.
Kè
Nanm mwen chante nan ou Bondye pisan:
Ala ou gran! Ala ou gran! (2 fwa)
2
Lè mwen sonje, Bondye bay sèl pitit li
Poul vin mouri, se sa ki touche kèm
Sou bwa Kalvè, li pote tout fado mwen,
San li koule pou wete tout pechem.
3
Lè Kris parèt, zanj yo va admire li
La pranm nan syèl nan rejwisans tout tan;
Ma pwostène nan pyel pou adore li,
E pwoklame: Bondye ala ou gran!
1
Pitit byenneme nan Jezi,
Mèvèye pawòl lagras;
Nan pitit li papa a wè nou
Grasa Kris li ban nou plas.
Kè
Alèkile nou se pitit Bondye
E sa nou va ye pako manifeste,
Men nou konnen lè li va parèt,
Nou konnen lè li va parèt,
Nou va sanble li,
Nou va sanble li,
Paske na wè li jan li ye.
2
Esperans beni pa lwen nou
Byento na wè glwa Bondye
Lè ekla selès parèt tou
Na kontanple fas Jezi.
3
Pwomès Kris va reyalize,
Na gen menm imaj ak Li,
Se pisans Li ki transfòme
Chak moun ki vin konvèti.
1
Nan Kris e nan Kris sèl na jwenn vrè lavi
Se grasa li vye nati a mouri,
Li rachte mwen nèt, kò, nanm, ak lespri mwen
Se pa mwen kap viv, men Kris viv nan mwen.
Kè
Abondans lavi, se sam jwenn nan li,
Li transfòme mwen,
Poum sèvi li byen,
San li te rachte mwen;
Li ban mwen Lesprisen,
Se nan Kris ki gen abondans lavi.
2
Sentespri Bondye konvenk mwen de pechem,
Li fèm konfye nan pwomès Bondye tou
Glwa apre glwa map transfòme poum rive
Sanble nèt avèk Jezi Senyè mwen.
3
Dlo ki nan sous lavi a ap debòde,
E se li ki pote benediksyon,
Se lavi an nabondans lap transpòte,
Li bay lanmou, lajwa, lapè, padon.
1
Bondye pral voye kòbo a nan mezon mwen
Bondye pral voye kòbo a nan mezon mwen
Menm si lapli pako tonbe
Menm si pye fwi yo pako donnen
Menm si lagè ta ravaje tout kote
Mwen espere
Bondye pral voye kòbo a nan mezon mwen.
34 CAC – Bondye pral voye kòbo a nan mezon mwen
Concert Gospel Saphir Ministry à Delmas 75 : Sortie de l’album Wap Renye
La chorale Gospel Saphir Ministry a organisé ce dimanche 13 avril un concert live et une vente...
Concert Gospel Montréal 2025 : L’Événement à ne pas Manquer
RADIO TÉLÉVISION FELLER présente un événement exceptionnel le dimanche 4 mai 2025 à partir de...
Wiliadel Denervil et Fre Gabe : Leur collaboration dans "Istwa Pou W Rakonte"
Wiliadel Denervil est une artiste haïtienne contemporaine de musique chrétienne, reconnue pour...
Qui est Fiston Mbuyi ? Découvrez l’artiste gospel congolais
Fiston Mbuyi, né le 27 décembre 1987 à Mbuji-Mayi en République Démocratique du Congo, est un...
Concert & Vente Signature – La chorale Gospel Saphir entre dans une nouvelle dimension !
Le rendez-vous est pris ! Ce dimanche 13 avril, la chorale Gospel...