Paroles
Ansyen wòch la - Pasteur Claude Louissaint - (audio et Lyrics)
Lè mwen santi m atriste
Sou chemen lavi sila
Lè tout bagay parèt nwa
Lè mwen pa genyen espwa
Mwen kon vle dekouraje
E menm demisyone
Si se pa te ansyen wòch la
Mwen ta abandone
Kè
O, o Ansyen wòch la
Ou menm kip a janm chanje
O,o Ansyen wòch la
Kache mwen pou jouk lafen
2-
Dlo nan je ak kè kontan
Sou chemen lavi sila a
Pa genyen twò gwo espas
Ki separe youn ak lòt
Si se pa te Ansyen wòch la
Kouman mwen ta fè souri
Nan yon monn kouvri ak dèy
Mwen te dezespere
3-
Kache mwen, kache m souple
Anba manto lagras la
Menm lè pye m ta vle glise
Tanpri pa kite m tonbe
Ou se yon ranpa pou nanm mwen
Ou se sous konsolasyon m
Mwen pa genyen lòt apui
Ni lòt pi bon zanmi
Source: Louange a l'Eternel, Mahalaleel
Mohammed Sanogo, pasteur, auteur et leader charismatique ivoirien, propose avec « Je suis béni.e » une réflexion profonde sur la puissance de la bénédiction...
Menace sur les églises évangéliques de Barcelone : un conflit entre urbanisme et liberté religieuse
Un plan de réaménagement du quartier industriel de Sant Andreu,...
Rapport sur les dérives sectaires dans les églises évangéliques
Le rapport annuel de la Mission interministérielle de vigilance et de lutte contre les dérives sectaires...
Étude sur l'impact de la prière sur le cerveau
La prière, une pratique spirituelle universelle, suscite un intérêt croissant dans le domaine des neurosciences. Des...