Solèy Mizik Gratitid Video lyrics
Mèsi Bondye paske ou ban m lapè.
Mèsi Bondye paske ou ban m lajwa.
Sa w fè pou mwen, Bondye, glwa ou merite.
W ap viv nan mwen, mwen pa ka pa chante.
Jezi o, Jezi o, genlè se mwen w pi renmen, Bondye.
Jezi o, Jezi o, sa w fè nan lavi m, m dwe remèsye w.
O, wi, papa, ou kreye m pou m ba w glwa.
M konnen, papa, w pa renmen moun engra.
Sèl bagay w egzije, kondisyon w pase.
W ap delivre m, mwen menm, m ap glorifye w.
Jezi o, Jezi o, genlè se mwen w pi renmen Bondye.
Jezi o, Jezi o, sa w fè nan lavi m, m dwe remèsye w
Jezi o, Jezi o, genlè se mwen w pi renmen Bondye.
Jezi o, Jezi o, sa w fè nan lavi m, m dwe remèsye w
N ap di w mèsi, Bondye, papa, pou solèy la k ap klere nou.
Ou fè anpil nan lavi m.
Mèsi Seyè pou gras ou.
Favè w enfini.
Mèsi papa pou lanmou ou.
Ou fè anpil nan lavi m.
Mèsi Seyè pou gras ou.
Favè w enfini.
Mèsi papa pou lanmou ou.
Lè mwen rele, Jezi reponn.
Li pa jannmen kite m pou kò m.
Bondye pa m nan pa janm desevwa m.
Li toujou bon nan tout sezon.
Pawòl mwen yo pa ase.
Pou m dekri sa w ye, Bondye.
Tanpri, papa, fè m favè.
Resevwa remèsiman m.
Ou fè anpil nan lavi m.
Mèsi Seyè pou gras ou.
Favè w enfini.
Mèsi papa pou lanmou ou.
Ou fè anpil nan lavi m.
Mèsi Seyè pou gras ou.
Favè w enfini.
Mèsi papa pou lanmou ou.
👉 Lien vers : YouTube video
👉 Lien vers : Facebook
Wiliadel Denervil et Fre Gabe : Leur collaboration dans "Istwa Pou W Rakonte"
Wiliadel Denervil est une artiste haïtienne contemporaine de musique chrétienne, reconnue pour...
Rapport sur les dérives sectaires dans les églises évangéliques
Le rapport annuel de la Mission interministérielle de vigilance et de lutte contre les dérives sectaires...
Étude sur l'impact de la prière sur le cerveau
La prière, une pratique spirituelle universelle, suscite un intérêt croissant dans le domaine des neurosciences. Des...
Les boîtes de nuit chrétiennes sont un concept émergent qui propose un divertissement alternatif aux lieux traditionnels. Ces clubs visent à créer un espace où les...