1
Sa nou bay nan lofrann
Nou bay li pou Jezi, (2 liy, 3 fwa)
E li va ban nou toujou.
2
Pati ki pou Jezi
Nan sa Jezi ban nou (2 liy, 3 fwa)
Pinga nou gadel pou nou.
3
Jezi bezwen lajan
Pou lèv li ka mache, (2 liy, 3 fwa)
E se sou nou li konte.
4
Pinga nou janm fache
Paske se pou Bondye, (2 liy, 3 fwa)
Li va ban nou plis toujou.
5
Nou ka byen ajoute
Yon ti don volontè, (2 liy, 3 fwa)
Annou fè sa ak tout kè.
1
Gen moun ki konprann ale nan syèl la
Se tankou pran panye ale nan mache,
Se pa bèl kay, ni lajan ak bèl oto.
Refren
Ale nan syèl se pa jan ou konprann nan,
Fòw met lafwaw nan Jezikri
Pouw ka ale nan syèl.
Ale nan syèl se pa janw konprann nan,
Fòw met lafwaw nan Jezikri, pouw ka ale.
2
Malgre nap chante, malgre nap priye
Malgre nap jene temwanye toulejou,
Epi gen yon moun ki mare sou kè nou
Eske nou se moun ki kwè nan Kris?
3
Ou gen si lontan depi ou nan legliz
Konduit ou fè wè ou pako kretyen vre,
Renmen an kachèt avèk lemonn yo,
Epi nou konprann pou nale nan syèl.
4
Ou genyen dwèt long; ou genyen lang long.
Ou genyen de madanm; ou genyen de mennaj.
Siw antre nan yon legliz san konvèti
Ou pap kapab antre nan syèl la.
1
Byen lwen lòtbò chemen an
Na gen randevou,
Mwen menm avèk ou.
Byen lwen lòtbò chemen an
Ma kontre nan bèl peyi sa a ak ou.
2
Si ou rive lòtbò avan mwen
Na gen randevou,
Mwen menm avèk ou;
Di tout lèzòt yo mwen nan wout tou,
Ma kontre nan bèl peyi sa a ak ou.
1
Yon jou m te pèdi nan chemen an
Mwen pa te ka konnen
Ki kotem dwe ale
Men yon nonm te vini pran men mwen
E li te kondui mwen kote dlo a byen fre.
Kè
Jezi se Wa, Jezi se Wa
Jezi se Wa tout wa
Lap vin chache mwen
Pou male nan syèl la
Jezi se Wa tout wa.
2
Depi jou menl te poze sou mwen
Lavi mwen te chanje
E nanm mwen te vin lib
Nan kè mwen toujou genyen yon chan
Ki temwanye grandè
Gran lanmou li pou mwen.
3
Ala yon si gran jou sa va ye
Lè Jezi va vini
Pou pran mwen avèk ou
Anpil moun va di: Senyè! Senyè!
Men yo pap ka antre nan bèl vil selès la.
Top 10 Musiques Gospel Francophones – Semaine 16, Avril 2025
Découvrez le classement exclusif des 10 musiques gospel francophones les plus écoutées cette semaine. Ce...
Top 10 des Musiques Gospel Haïtiennes – Semaine 16, Avril 2025
Cette semaine 16 de l’année 2025 marque un profond renouvellement du top 10 musiques gospel...