1
Depi nan tan lontan
Lèzòm te toujou mechan
Kayen touye Abèl se sa n wè lòm pratike
Jezi vin sou latè
Pou wete peche kriminèl yo
Y aretel, yo touyel,
Yo klouwel sou lakwa.
Kè
Elas! Elas! Mwen regrèt sa pou lemonn
Talè konsa lemonn pral boulvèse vre
Elas! Elas! Mwen regrèt sa pou lemonn
Talè konsa lemonn pral dlo nan je.
2e Kè
Elas! Elas! nou wè lemonn mechan vre
Peche fè lòm vire do bay Letènèl
Jezi vini pou anonse wayòm nan
Kote jistis Bondye va eklate.
2
Akab ak Jezabèl
Met ansanm yo touye Nabòt
Akab ak Jezabèl te panse Bondye pat wè yo
Sa pat rete konsa, Letènèl te kondane yo
Yon jijman, yon egzanp
Bondye trase sou lòm.
3
Lèzòm fabrike zam
Se pa pou yo detui pye bwa
Lèzòm fabrike zam
Se pa pou detui zannimo
Lèzòm fabrike zam
Se pou yo detui lòm parèy yo
Yap touyew, yap jetew
Kè yo pa janm sote, elas.
4
Pou nenpòt ti bagay
Nou wè moun ape touye moun
Pou nenpòt ti plezi
Nou wè moun met kouto sou moun
Moun paka gade moun
Yon moman yo mete ou kadav
Yap touye, yap boule,
Epi yap banboche, elas.
1
Otrefwa m te kouche,
Je louvri m tap panse
Ak kòmannman Jezi
Te bay disip li yo
Mwen te santi lè sa a,
Yon gran transfòmasyon
Yon rivyè tap koule
Nan je mwen.
Kè
Jezikri aprann nou,
Nou dwe gen tèt ansanm
Pi gran kòmannman an,
Se pou youn renmen lòt
Ak tout fòs ak tout kè
Padone frè nou yo
Pi gran kòmannman an,
Se pou youn renmen lòt.
2
Ann Aprann padone
Tout frè ak sè nou yo
Menm lè yo meprizew
Bon papa a padone yo
Pa kriye, pa plenyen,
Reziye ou frè mwen
Soufrans lan di se vre
Pran kouraj.
3
Pataje ak frè ou
Tristès li ak penn li
Se sa Jezi mande
Pou nou youn soufri pou lòt
Pa imilye frè ou, pa imilye sè ou
Nou tout an jeneral se pousyè.
79 Réveillons-nous – Otrefwa m te kouche
1
Nou regrèt, fòk nou separe,
Alèkile nap prepare
Pou nou anbrase e pou nou ale
Lapè, orevwa!
2
Nan men Bonye ki pap kaba,
Se li menm kap gide nou pazapa
Epi nou ka jwi pwoteksyon sa a,
Lapè, orevwa!
3
Gwo delivrans nap resevwa
Avèk lanmou li e pisans lafwa
Kounyè a nou pral nan gran travay la
Lapè, orevwa!
4
Kouraj, kouraj, kenbe lafwa,
Si nou pa ka ret ansanm isiba
Se pou nou fidèl jouk nou nan laglwa,
Lapè, orevwa!
Top 10 Musiques Gospel Francophones – Semaine 16, Avril 2025
Découvrez le classement exclusif des 10 musiques gospel francophones les plus écoutées cette semaine. Ce...
Top 10 des Musiques Gospel Haïtiennes – Semaine 16, Avril 2025
Cette semaine 16 de l’année 2025 marque un profond renouvellement du top 10 musiques gospel...