pawol mizik mwen disponib

Mwen Disponib lyrics Mwen disponib pou ou Senyè Volonte ou selman-m vle fè Mwen vle yon zouti pou wayòm ou Atravè-m se pou nanm beni Chorus Sentespri pale, map tande Sentespri pale, map tande Mwen vle yon zouti pou wayòm ou Atravè-m se pou nanm beni (sove) Bridge Oh oh oh oh oh! Atravè-m se pou nanm beni    
Pou-m Pale (feat. Frè Alexis) Chak fwa-m sonje kote-w soti avèk mwen Mwen leve men-m anlè, tèlman-m rekonesan (bis) Mwen mèt te kòmanse depi solèy leve Lannuit ap finn rive m pap janm finn rakonte Valè konplo ou kraze pou mwen Valè sèkèy ou kraze pou mwen (bis) Chorus M pa gen bouch pou-m pale M pa gen bouch pou-m pale M pa gen bouch pou-m pale Pou-m pale! Pou-m pale! Pou-m Pale! Pou-m Pale! Bridge Jezi, ou merite pou’m adore-w Pou sa-w fè, ou merite pou-m loure-w (bis) Frè Alexis (verse) Pou sa-m konnen-m fèw, m pat janm kwè ou tap Adopte-m Pou pase-m, dròg, fanm, vòl, pou jan satan tap Kalote-m Tankou ti patat, li patap dròl, ti katkat, li klap klap Li klatap mwen, li panse li te ka lote-m M vinn konprann, m te konfonn, konn fanm Ak sibstans ilisit m konn fonn pou-m met nan san-m Non son, yo pa mache ansanm Se lapè m tap chache, m te panse tout sa yo te ka donte-m M pa gen bouch pou-m pale, men sa-w fè nan vi-m yo vizib Jan-w transfòme-m, nan vizaj mwen li lizib Tout kèm se pou ou, pati sa li pa divizib Plis tan m pase avew m wè satan tap pase-m nan rizib Hoooo! Nan men-m ou retire on zam, ou met yon bib M pa esklav peche ankò, kounyea m lib --- Biographie de l'artiste Spencer Brutus , une vie alignée avec les desseins divins – biographie révélatrice

Dans l'acutalités...