pawol mizik Mwen Leve Non-w

Mwen Leve Non-w (feat. Stinson Pedro Vallery) Mwen leve non-w pi wo Pi wo, pi wo, pi wo Mwen leve non-w pi wo Pi wo, pi wo (bis) Pedro (verse) Yon lòt fwa ankò Senyè mwen vini E mwen prezante mwen douvan-w Se adorasyon, louwanj, aksyon de gras Remèsiman mwen pote Ou se Bondye mwen, woche-m Se sou ou m toujou jwenn kote m apiye Anyen pap janm ka anpeche mwen Kontinye leve non ou byen wo Ou se defans mwen Wi ou toujou kanpe pou mwen lè-m antrave Pa gen mwen san ou Ou kache-m anba zèl ou mechan paka wè-m Nan vale lanmò, mwen mache san pè, ni krent Mwen leve non ou byen wo Bondye Pre Chorus Ou te ak Daniel nan fòs lyon an Ou te ak Paul anndan prizon an E menm andedan founèz la Glwa ou eklate Ou s’on Bondye ki gen konpasyon Ou fè tout bagay pou yon rezon Toutotan mwen egziste map leve non-w pi wo Spencer (Verse) Nan mitan danje Senyè map rete fèm Paske-m konnen-w la e ou pap janmen lage mwen Ou te pwomèt mwen wap toujou kanpe avè-m Bondye ou fidèl, Papa ou san parèy Ou te kanpe pou Jozafa Ou se Bondye ‘k pa janm chanje M-ap kontinye konte sou ou M konnen-w pap janm abandone mwen Nan mitan dife a map mache ak de men anlè Paske viktwa-m asire, Bondye-w deja pase avè-m Bridge Map leve non ou pi wo (map mache fè louanj ou Senyè) Map leve non ou pi wo (yeah, yeah, yeah) Toutotan m-ap respire (Wi toutotan mwen gen souf nan mwen) Lè sa bon, lè sa pa bon (Lè sa bon, lè sa pa bon) Map leve non ou pi wo (Map leve non ou pi wo) Map leve non ou pi wo (oh map leve tab delivrans mwen) Map leve non ou pi wo (nan prezans tout pèp ou a pou-m adore-w) Toutotan m-ap respire (mwen loure-w) Lè sa bon, lè sa pa bon (oh oh……) Map leve non ou pi wo   Biographie de l'artiste Spencer Brutus , une vie alignée...

Dans l'acutalités...