reveillons -nous

1 Mwen vle rakonte sa Kris fè pou mwen Depi li jwenn mwen zafèm tou chanje Nan prizon djab la Kris banm libète Wi Jezi te delivrem. Kè Jezi te delivrem, Jezi te delivrem Tenèb peche tounen nan bèl klate Wi Jezi te delivrem. 2 Chanalite fèm bliye gras Bondye Sousi lavi te fè mwen pè lanmò Jezi sovem e mwen pa pè ankò Wi Jezi te delivrem. 3 Sa Kris fè pou mwen la fèl pou ou tou Levanjil la se pou moun toupatou Sal fè pou mwen li va fèl pou ou tou Wi Jezi vle delivre ou.
1 Bò pui Jakòb la yon jou Senyè a Rankontre yon Samaritèn Ki vini pran dlo, Jezi mande li bwè Fanm sila etone Eske ou pa konnen Jwif avèk Samaritèn Pa gen okenn rapò, Pa gen okenn relasyon; Pouki ou mande mwen bwè. Si ou te konnen ki don Bondye E kilès ki diw ba li bwè Se ou menm pito ki ta mande E mwen ta ba ou yon bon dlo; Yon dlo ki pap janm fini E ki va dire nan lavi ou Pou tout letènite. Refren Mezanmi tande mwen Jwenn yon nonm Ki di mwen tout sa mwen fè, Nonm sila se yon pwofèt Eske se pa li menm ki Kris la! Mezanmi tande mwen Jwenn yon nonm Ki di mwen tout sa mwen fè, Nonm sila li se pitit Bondye Se li menm ki Mesi a, Li konnen tout sa ki nan kè mwen. Sa se yon bagay ki mèvèye! Li ban mwen yon dlo Pou mwen pa janm swaf. 2 Lè fanm nan tande Jezikri Kapab ba li yon dlo Pou li pa janm swaf, Fanm nan etone pi plis Li mande ki kote ou Va jwenn bon dlo? Tou de men ou vid Ou pa gen anyen pou pran dlo Eske ou pi gran pase Jakòb ki bay pui sa a, Ban mwen yon ti gout ladann. Jezi di fanm nan: kote mariw, Ale chachel epi vin jwenn mwen. Fanm nan bay manti Men, elas! Pa gen pyès moun Ki ka twonpe Jezi Ou di ou pa gen mari, E poutan ou pase senk deja E dènye a pa pou ou. 3 Mezanmi tande mwen jwenn yon nonm Ki ban mwen yon dlo Pou mwen pa janm swaf (bis 3 liy) Vini bwè dlo sa a Epi swaf ou va pase.
1 Mwen sonje yon jou Kijan mwen te malad Doktè te di konsa Li pa kwè map sove Paranm yo tande sa, Yo tout te pran kriye Men Jezi te pale nan jou sa a. Kè Mwen pa kapab bliye, bliye jou sa a Kòman poum ta bliye jou sa a Joum te jwenn soulajman Pou nanm mwen Glwaradye! (2 fwa, 4 liy) 2 Lè mwen pat gen Jezi Kè mwen te toujou tris Mwen pat kapab manje, Mwen pat kapab dòmi Lèm rankontre Jezi Tout bagay te chanje Ala yon bon zanmi se Jezi! 3 Lè mwen te nan lemonn Mwen toujou tap kriye Peche mwen yo te wouj E tèt mwen te chaje Chak jou mwen te leve Pwoblèm agoch, adwat Mwen te remèt lavim bay Jezi. 4 Jodi a si gen moun Ki poko gen Jezi Kouri vit akseptel Paske lè a rive Nan Jezi gen lavi, Gen lajwa nan Jezi Nan Jezi gen yon lèt kap koule.
1 Gen moun ki konprann ale nan syèl la Se tankou pran panye ale nan mache, Se pa bèl kay, ni lajan ak bèl oto. Refren Ale nan syèl se pa jan ou konprann nan, Fòw met lafwaw nan Jezikri Pouw ka ale nan syèl. Ale nan syèl se pa janw konprann nan, Fòw met lafwaw nan Jezikri, pouw ka ale. 2 Malgre nap chante, malgre nap priye Malgre nap jene temwanye toulejou, Epi gen yon moun ki mare sou kè nou Eske nou se moun ki kwè nan Kris? 3 Ou gen si lontan depi ou nan legliz Konduit ou fè wè ou pako kretyen vre, Renmen an kachèt avèk lemonn yo, Epi nou konprann pou nale nan syèl. 4 Ou genyen dwèt long; ou genyen lang long. Ou genyen de madanm; ou genyen de mennaj. Siw antre nan yon legliz san konvèti Ou pap kapab antre nan syèl la.
- Advertisement -

Dans l'acutalités...