Chak fwa'm met jenou'm ate
Pou'm rakonte'w peche'm yo
M'toujou g'on bagay ki mare'm
Ki anpeche'm diw
Kijan'm vle sevi'w pi byen
San'm pa fe oken'n rezev
San'm pa poze oken'n keksyon ni enkredilite
Tanpri senye pale nan mwen
Fe'm apran'n gade eta mwen
Fe'm apran'n pataje vi'm avek ou
Pou'm fe'w vini pibon pibon konfidan'm
Priye'm se touj'on inifom
Chak jou map mande'w padon
Pou yon sel bagay ke'm pa janme kapab kite
Jodi ya se tout bon vre
Mwen lage lavi'm nan men'w
Ka ni nanm mwen tout sa'm genyen
Mwen lage tout nan men'w
Tan pri senye pran yo ak ke
Tanpri senye tande kri ke mwen
Ka'm vle sevi'w tout lavi'm
Jis kaske'w tounen
Sa se priye'm devan'w
M'pap jan'm lage'w
M'sonje le'm te fek kontre'w
Kijan mwen te zele
Jan'w te konn sevi ak mwen
Yon jou'm pr'on move chimen
Ke'w pat montre'm
Jodi ya'm rekonet to'm
Mwen vle tounen lakay mwen
Tanpri senye tande priye'm
Tanpri senye tande kri ke'm
Ka'm vle sevi'w tout lavi'm
Jiskaske'w tounen
Sa se priye'm devan'w
M'pap jan'm lage'w
Tanpri senye tande priye'm
Tanpri senye tande kri ke'm
Ka'm vle sevi'w tout lavi'm
Jiskaske'w tounen
sa se priye'm devan ou
Sa se promes ke'm fe ou
M'pap jan'm lage'w,m'pap jan'm lage'w
Ou pa bliye’m – Carl Emile ft. Stanley Georges
Concert Gospel Saphir Ministry à Delmas 75 : Sortie de l’album Wap Renye
La chorale Gospel Saphir Ministry a organisé ce dimanche 13 avril un concert live et une vente...
Concert Gospel Montréal 2025 : L’Événement à ne pas Manquer
RADIO TÉLÉVISION FELLER présente un événement exceptionnel le dimanche 4 mai 2025 à partir de...
Wiliadel Denervil et Fre Gabe : Leur collaboration dans "Istwa Pou W Rakonte"
Wiliadel Denervil est une artiste haïtienne contemporaine de musique chrétienne, reconnue pour...
Qui est Fiston Mbuyi ? Découvrez l’artiste gospel congolais
Fiston Mbuyi, né le 27 décembre 1987 à Mbuji-Mayi en République Démocratique du Congo, est un...
Concert & Vente Signature – La chorale Gospel Saphir entre dans une nouvelle dimension !
Le rendez-vous est pris ! Ce dimanche 13 avril, la chorale Gospel...