Senyè

1 Senyè Bondye, mwen sezi nan prezans ou Lèm wè monn sa a Se men ouk te kreyel, Zetwal yo la, mwen tande loraj gwonde; Se pisans ou tout linivè montre. Kè Nanm mwen chante nan ou Bondye pisan: Ala ou gran! Ala ou gran! (2 fwa) 2 Lè mwen sonje, Bondye bay sèl pitit li Poul vin mouri, se sa ki touche kèm Sou bwa Kalvè, li pote tout fado mwen, San li koule pou wete tout pechem. 3 Lè Kris parèt, zanj yo va admire li La pranm nan syèl nan rejwisans tout tan; Ma pwostène nan pyel pou adore li, E pwoklame: Bondye ala ou gran!
  1O kwè nan Senyè nou JeziO kwè nan Senyè JeziO kwè nan Senyè nou JeziE ou va sove.40 HCA Radio Lumière – O kwè nan Senyè nou Jezi
1 Bò pui Jakòb la yon jou Senyè a Rankontre yon Samaritèn Ki vini pran dlo, Jezi mande li bwè Fanm sila etone Eske ou pa konnen Jwif avèk Samaritèn Pa gen okenn rapò, Pa gen okenn relasyon; Pouki ou mande mwen bwè. Si ou te konnen ki don Bondye E kilès ki diw ba li bwè Se ou menm pito ki ta mande E mwen ta ba ou yon bon dlo; Yon dlo ki pap janm fini E ki va dire nan lavi ou Pou tout letènite. Refren Mezanmi tande mwen Jwenn yon nonm Ki di mwen tout sa mwen fè, Nonm sila se yon pwofèt Eske se pa li menm ki Kris la! Mezanmi tande mwen Jwenn yon nonm Ki di mwen tout sa mwen fè, Nonm sila li se pitit Bondye Se li menm ki Mesi a, Li konnen tout sa ki nan kè mwen. Sa se yon bagay ki mèvèye! Li ban mwen yon dlo Pou mwen pa janm swaf. 2 Lè fanm nan tande Jezikri Kapab ba li yon dlo Pou li pa janm swaf, Fanm nan etone pi plis Li mande ki kote ou Va jwenn bon dlo? Tou de men ou vid Ou pa gen anyen pou pran dlo Eske ou pi gran pase Jakòb ki bay pui sa a, Ban mwen yon ti gout ladann. Jezi di fanm nan: kote mariw, Ale chachel epi vin jwenn mwen. Fanm nan bay manti Men, elas! Pa gen pyès moun Ki ka twonpe Jezi Ou di ou pa gen mari, E poutan ou pase senk deja E dènye a pa pou ou. 3 Mezanmi tande mwen jwenn yon nonm Ki ban mwen yon dlo Pou mwen pa janm swaf (bis 3 liy) Vini bwè dlo sa a Epi swaf ou va pase.
1 Lonje menw touche Senyè a Pandan lap pase Wa lonje menw touche Senyè a Pandan lap pase. 87 Echo des élus – Lonje menw touche Senyè a
- Advertisement -

Dans l'acutalités...