Solèy Mizik Gratitid Video lyrics
Mèsi Bondye paske ou ban m lapè.
Mèsi Bondye paske ou ban m lajwa.
Sa w fè pou mwen, Bondye, glwa ou merite.
W ap viv nan mwen, mwen pa ka pa chante.
Jezi o, Jezi o, genlè se mwen w pi renmen, Bondye.
Jezi o, Jezi o, sa w fè nan lavi m, m dwe remèsye w.
O, wi, papa, ou kreye m pou m ba w glwa.
M konnen, papa, w pa renmen moun engra.
Sèl bagay w egzije, kondisyon w pase.
W ap delivre m, mwen menm, m ap glorifye w.
Jezi o, Jezi o, genlè se mwen w pi renmen Bondye.
Jezi o, Jezi o, sa w fè nan lavi m, m dwe remèsye w
Jezi o, Jezi o, genlè se mwen w pi renmen Bondye.
Jezi o, Jezi o, sa w fè nan lavi m, m dwe remèsye w
N ap di w mèsi, Bondye, papa, pou solèy la k ap klere nou.
Ou fè anpil nan lavi m.
Mèsi Seyè pou gras ou.
Favè w enfini.
Mèsi papa pou lanmou ou.
Ou fè anpil nan lavi m.
Mèsi Seyè pou gras ou.
Favè w enfini.
Mèsi papa pou lanmou ou.
Lè mwen rele, Jezi reponn.
Li pa jannmen kite m pou kò m.
Bondye pa m nan pa janm desevwa m.
Li toujou bon nan tout sezon.
Pawòl mwen yo pa ase.
Pou m dekri sa w ye, Bondye.
Tanpri, papa, fè m favè.
Resevwa remèsiman m.
Ou fè anpil nan lavi m.
Mèsi Seyè pou gras ou.
Favè w enfini.
Mèsi papa pou lanmou ou.
Ou fè anpil nan lavi m.
Mèsi Seyè pou gras ou.
Favè w enfini.
Mèsi papa pou lanmou ou.
👉 Lien vers : YouTube video
👉 Lien vers : Facebook
Lyrics
MWEN KOLE SOLÈY MIZIK OFFICIAL MUSIC VIDEO
Anpil fwa nou pa gen motivasyon pou nou avanse, nou rive nan yon pwen anyen pa enterese nou. Epi nou fè yon rankont ki chanje lavi nou. Yon rankont ki ban nou yon rezon pou nou viv, depi lè sa tout bagay vin gen sans, se kòm si gen yon wout ki tou trase devan nou. Se gade nou gade nap fè eksplwa nan lekòl nou, nan travay nou, nan biznis nou, nan tout aktivite nou.
Se istwa tout moun ki KOLE ak Jezi paske l di nan Jean 15:5 Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m', moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen.
MWEN KOLE ( SOLÈY MIZIK)
Pwodiksyon Aranjman, konpozisyon :@mesyejames
Chantè: Saülson Dulcio
Koris: Daniella ak Judith Cetoute
Aktè: Angelita Prophète, Stéphaïna Guillaume, Pascal Guillaume, Lucica Chavannes Metellus, Daniella Cetoute, Frantz Kerby Setoute, Ruben Yvelt Dulcio, Jenny Leandre Dulcio, Myriam G. Dulcio, Daveson André, Djoumi
Source: Lien Youtube de la vidéo
Wiliadel Denervil et Fre Gabe : Leur collaboration dans "Istwa Pou W Rakonte"
Wiliadel Denervil est une artiste haïtienne contemporaine de musique chrétienne, reconnue pour...
Rapport sur les dérives sectaires dans les églises évangéliques
Le rapport annuel de la Mission interministérielle de vigilance et de lutte contre les dérives sectaires...
Étude sur l'impact de la prière sur le cerveau
La prière, une pratique spirituelle universelle, suscite un intérêt croissant dans le domaine des neurosciences. Des...
Les boîtes de nuit chrétiennes sont un concept émergent qui propose un divertissement alternatif aux lieux traditionnels. Ces clubs visent à créer un espace où les...