Verse 1
Mwen te pèdi
Mwen te preske fini
Men Jezi vini l jwenn mwen
Li ban mwen lavi ki pap fini
Li netwaye peche m
Li pran mwen l lave m
Li di mwen se pitit li
Pou sa map dil mesi pou sa l fè
Chorus
Jezi mwen renmen w
(Ou se beje mwen
Ou se pwotekè mwen)
Jezi mwen damou w
(Ou fe jalou pou mwen
Ou di mwen se pitit ou
Mèsi)
Verse 2
Depi lè m fin jwenn ak Jezi
Dlo nan je m yo te seche m
Tenèb vin limyè pou mwen
Lè map mache m santi m tou sove
Jezi lèse m mache ak ou
Byen kontan pou m fè sèvis ou
di mwen tout sekrè w genyen
Ede m pou m pa enkyè pou demen
Chorus
Jezi mwen renmen w
(Ou se beje mwen
Ou se pwotekè mwen)
Jezi mwen damou w
(Ou fe jalou pou mwen
Ou di mwen se pitit ou
Mèsi)
Bridge
Jezi mwen renmen w
Jezi m adore w (5 fwa)
(Ou se bèje mwen
Ou se pwotektè mwen Jezi)
.
LYRICS
« Sa’w Fè Pou Mwen »,
1
Mwen kite yon engra
Ki pat bay valè ak lakwa
Mwen te yon vye voryen
M’pat janmen panse fè byen
Sa’w fè pou mwen
M’paka fin pale
Sa’w fè pou mwen
M’pap janm fin explike
2
Ou wete’m nan labou
Ou mete mwen sou 4 wou
Lè konsa fò’m ta fou
Si telman fado’m te lou
Sa’w fè pou mwen
M’paka fin pale
Senyè sa ou fè pou mwen
M’pap janm fin explike
Papa sa ou fè pou mwen
M’paka fin pale non
Sa’w fè pou mwen
M’pap janm fin explike
Refren
Sa’w fè pou mwen
M’paka fin pale
Sa’w fè pou mwen
M’pap janm fin explike
Bridge
Ou pa gade sou eta’m
Ak konpasyon w’gentan pran ka’m
Senyè mwen vle rete la
Rete la jouk tan sa kaba
3
Lè kabwèt mwen kole
Se ou menm ki debloke’m
Lè lavim atriste
Se ou sel ki konsole’m
Kè
Senyè
Sa’w fè pou mwen
M’paka fin pale
Sa’w fè pou mwen
M’pap janm fin explike
Bondye Sa ou fè pou mwen
M’paka fin pale
Sa’w fè pou mwen
M’pap janm fin explike
Sentete
Se sa’m vle
Tout vi mwen
Sanble ou
Se swaf mwen
Tout vi mwen
Kè
Fasone’m jan w’ vle
Tout volonte m’ se bèl tankou ou
Vire m’, tounen m’
Wete tout sa k’ pa bon
Ce dimanche 20 avril 2025, le Parc des Expositions d'Abidjan s'est transformé en un véritable sanctuaire de louange et d'adoration lors du concert exceptionnel...
Découvrez le classement exclusif des 10 meilleures musiques gospel haïtiennes pour la semaine 17 d’avril 2025. Ce top 10, soigneusement mis à jour, met...
Depuis neuf ans, le groupe évangélique LES ÉLUS fait résonner les notes d’une foi profonde et d’un engagement artistique authentique dans la commune de...