Bondye nou an gran
Lè Bondye pale li fè bèl bagay
Bagay ke menm lòm
Pa janm kapab konprann
Li bay loraj lòd gwonde avek fòs
Se li menm ki bay lapli le-l pou li tonbe
Kè
Bondye nou an gran
Li gen konesans
Se li menm ki deside dimansyon latè
Se li kite poze wòch ki kenbe tè a
Li fè fondasyon li pa gen pi gran pase l
II
Li bay zeklè lòd pou li klere
Li bay lalin lòd pou li klere lannwit
Li mete soley la pou li klere lajounen
Pa gen pi gran pasel
Li gen tout pouvwa
III
Peson pa konnen koman nwaj deplase
Eske ou konnen ki bò limye sòti?
Ki moun ki ka dim ki bò fe nwa rete
Gade Bondye n nan gran
Li gen tout pouvwa
IV
Eske ou konnen ki moun ki fe lawouze
Ki moun ki femen pòtay pou bare lanmè
Ki mete yon pòt ki kenbe li anplas
Di mwen si ou konnen koman fòs lam kraze
Bondye pou Nou
Wout lanmou pa janm fasil
M pa p pwomèt sa m pa ka bay
Mwen konnen avni n frajil
Ka tout lajounen, lavi mande n batay
Sosyete ba nou defi
Depi lontan y ap suiv nou
Si mwen la, se pou lavi
Devan fas Bondye rasin kè m se pou ou
-Pon-
M renmen w san mezi
Pa sèlman pou sa w ye
Men pou sa m devini
Paske w chwazi bò kote m
M ap suiv ou cheri
Nenpòt kote w prale
Paske mwen pèdi
Sou chimen w pa p gide m
-Refren-
Bondye pou nou
Se sa k fè n la toujou
Pou sa yo te wè pou nou
Sa k ta di sa gade nou
Son w bann jalou
Ki pa vle byen pou nou
Latè mèt kont lanmou nou
Bondye pou nou
-2-
Plen fanmi ki chita la
Yo kontan n pran wout serye
Bondye di mo pa l deja
Rès la se nan men w, ak nan kè pa m li ye
Si m mouri m pa wè demen
Jodi a se defans mwen
Petèt m pa p ba w sa w bezwen
Men pa gen pèsonn ki ka renmen w kou mwen
-Pon-
Ou son w flè jaden
Mwen konn kote w pouse
Anndan m ou donnen
Se nan kè m Bondye plante w
Sa yo pa konnen
Se Syèl la k ap wouze
Depi n men nan men
Lapli mèt pa tonbe
-Fen-
Bondye pou nou
Se sa k fè n la toujou
Pou sa yo te wè pou nou
Sa k ta di sa gade nou
Son w bann jalou
K ap voye wòch sou nou
Yo met kite n pou kont nou
Bondye pou nou
Tout zanmi mèt lage nou
Bondye pou nou
Fanmi mèt pa konprann nou
Bondye pou nou
Yo mèt vle malè pou nou
Bondye pou nou
Yo mèt di n se de moun fou
Bondye pou nou
Bondye Toujou La
Refren
Si pwoblèm lavi zanmi ta pran tèt ou
Si kalamite sòti pou ta fò w fou
Si ou vle tonbe si w vle pèdi lespwa
Pa bliye Bondye toujou la
-I-
Lavi w son kriz
ou pèdi tout konba
ou vin legliz
men ou pèdi lafwa
ou te gen don
ou pa t janm konn fè fay
se nan chanson
bouch ou bay temwanyay
Pon
Ou pèdi kay ak tout sa w posede
timoun nan dwòg se prizon y ap vale
w pa ka priye ou toujou ap kriye
ou kwè Bondye bliye w
Men fon w chita
mwen pral ba w yon mesay
se jodi a
lesprisen pral travay
fòk ou ta wè
jan nuaj yo anvlope w
gen w men limyè
k ap seche dlo nan je w
Pon
W santi w chalè w santi w ap transfòme
kò w ap tranble ou vle rele anmwe
ou tande w bri w a di kè w ap sote
se kòd yo k ap kase o o
-II-
Depi w nan vant
dyab fanmi w reklame w
anndan w gon w plant
ki deja kondane w
ou fatige
ou vle kite tout rans
malgre w priye
ou pa jwenn delivrans
Pon
Fon w ti pwoche jodi a se jou pa w
nan fon lesyèl wi Bondye tande vwa w
lanj Mikaèl ap desann kou loray
satan pèdi batay
Ak flanm dife
si w wè jan w ansèkle
san ap koule
pou w ka dezanvoute
gon w movetan
tout latè ap tranble
tande w gwo van
zanmi w mèt temwanye
Pon
Pitit Bondye pa kapab anba kòd
li gen pitye li plen mizerikòd
ou delivre men pa tounen dèyè
satan pa ka fè w pè
-III-
Men ou kouche
sou kabann lopital
doktè pale
yo di ka w tèminal
sèkèy achte entèman w fin peye
ou fin kadav malgre je w byen kale
Pon
Bondye voye m pot yon mesay pou ou
kounye a menm zanj yo gentan sou wout
lonje men ou men fò kè w pa gen dout
li tande plent kè ou
Mwen wè w zetwal
ki gen fòm yon epe
ou mèt ret kal
lesyèl pral opere
pa pèdi tan
kriye mande padon
anvan lontan
ou pral jwenn gerizon
Pon
Ou gen w...
Bondye’m Nan Gran
Te genyen yon fanm
Kite malad depi douze zan, Li tape soufri, li pat janm jwen gerizon
Menl te met lafwal, el te touché rob Jezi
E depi le sa li te jwen gerizon
Ke
Bondye’m Nan Gran
O wi Bondye’m nan bon
Bondye’m nan si bon
Li bon pou nan’m mwen
Menmsim nan tristes
Sikonstans pap fem febli
Paske Bondye la pou li ban mwen fos
2
Bondye wap sevi a, Li se Alfa e Lomega
Le li komanse, li toujou fini
Met lafwaw nan li, wap rampote la viktwa
Li pap lagew nan wout, ni kitew pran wont
3
Ou menm kap soufri, ou pa bezwen dekouraje
Paske Bondye la, wi lap toujou la
Sil te delive pep li amba lame fararon
Pouki wap inkyetew, se li sel ki wa.
Concert Gospel Saphir Ministry à Delmas 75 : Sortie de l’album Wap Renye
La chorale Gospel Saphir Ministry a organisé ce dimanche 13 avril un concert live et une vente...
Concert Gospel Montréal 2025 : L’Événement à ne pas Manquer
RADIO TÉLÉVISION FELLER présente un événement exceptionnel le dimanche 4 mai 2025 à partir de...
Wiliadel Denervil et Fre Gabe : Leur collaboration dans "Istwa Pou W Rakonte"
Wiliadel Denervil est une artiste haïtienne contemporaine de musique chrétienne, reconnue pour...
Qui est Fiston Mbuyi ? Découvrez l’artiste gospel congolais
Fiston Mbuyi, né le 27 décembre 1987 à Mbuji-Mayi en République Démocratique du Congo, est un...
Concert & Vente Signature – La chorale Gospel Saphir entre dans une nouvelle dimension !
Le rendez-vous est pris ! Ce dimanche 13 avril, la chorale Gospel...