texte de la chanson

Bondye nou an gran Lè Bondye pale li fè bèl bagay Bagay ke menm lòm Pa janm kapab konprann Li bay loraj lòd gwonde avek fòs Se li menm ki bay lapli le-l pou li tonbe Kè Bondye nou an gran Li gen konesans Se li menm ki deside dimansyon latè Se li kite poze wòch ki kenbe tè a Li fè fondasyon li pa gen pi gran pase l II Li bay zeklè lòd pou li klere Li bay lalin lòd pou li klere lannwit Li mete soley la pou li klere lajounen Pa gen pi gran pasel Li gen tout pouvwa III Peson pa konnen koman nwaj deplase Eske ou konnen ki bò limye sòti? Ki moun ki ka dim ki bò fe nwa rete Gade Bondye n nan gran Li gen tout pouvwa IV Eske ou konnen ki moun ki fe lawouze Ki moun ki femen pòtay pou bare lanmè Ki mete yon pòt ki kenbe li anplas Di mwen si ou konnen koman fòs lam kraze
Bondye pou Nou Wout lanmou pa janm fasil M pa p pwomèt sa m pa ka bay Mwen konnen avni n frajil Ka tout lajounen, lavi mande n batay Sosyete ba nou defi Depi lontan y ap suiv nou Si mwen la, se pou lavi Devan fas Bondye rasin kè m se pou ou -Pon- M renmen w san mezi Pa sèlman pou sa w ye Men pou sa m devini Paske w chwazi bò kote m M ap suiv ou cheri Nenpòt kote w prale Paske mwen pèdi Sou chimen w pa p gide m -Refren- Bondye pou nou Se sa k fè n la toujou Pou sa yo te wè pou nou Sa k ta di sa gade nou Son w bann jalou Ki pa vle byen pou nou Latè mèt kont lanmou nou Bondye pou nou -2- Plen fanmi ki chita la Yo kontan n pran wout serye Bondye di mo pa l deja Rès la se nan men w, ak nan kè pa m li ye Si m mouri m pa wè demen Jodi a se defans mwen Petèt m pa p ba w sa w bezwen Men pa gen pèsonn ki ka renmen w kou mwen -Pon- Ou son w flè jaden Mwen konn kote w pouse Anndan m ou donnen Se nan kè m Bondye plante w Sa yo pa konnen Se Syèl la k ap wouze Depi n men nan men Lapli mèt pa tonbe -Fen- Bondye pou nou Se sa k fè n la toujou Pou sa yo te wè pou nou Sa k ta di sa gade nou Son w bann jalou K ap voye wòch sou nou Yo met kite n pou kont nou Bondye pou nou Tout zanmi mèt lage nou Bondye pou nou Fanmi mèt pa konprann nou Bondye pou nou Yo mèt vle malè pou nou Bondye pou nou Yo mèt di n se de moun fou Bondye pou nou
Bondye Toujou La Refren Si pwoblèm lavi zanmi ta pran tèt ou Si kalamite sòti pou ta fò w fou Si ou vle tonbe si w vle pèdi lespwa Pa bliye Bondye toujou la -I- Lavi w son kriz ou pèdi tout konba ou vin legliz men ou pèdi lafwa ou te gen don ou pa t janm konn fè fay se nan chanson bouch ou bay temwanyay Pon Ou pèdi kay ak tout sa w posede timoun nan dwòg se prizon y ap vale w pa ka priye ou toujou ap kriye ou kwè Bondye bliye w Men fon w chita mwen pral ba w yon mesay se jodi a lesprisen pral travay fòk ou ta wè jan nuaj yo anvlope w gen w men limyè k ap seche dlo nan je w Pon W santi w chalè w santi w ap transfòme kò w ap tranble ou vle rele anmwe ou tande w bri w a di kè w ap sote se kòd yo k ap kase o o -II- Depi w nan vant dyab fanmi w reklame w anndan w gon w plant ki deja kondane w ou fatige ou vle kite tout rans malgre w priye ou pa jwenn delivrans Pon Fon w ti pwoche jodi a se jou pa w nan fon lesyèl wi Bondye tande vwa w lanj Mikaèl ap desann kou loray satan pèdi batay Ak flanm dife si w wè jan w ansèkle san ap koule pou w ka dezanvoute gon w movetan tout latè ap tranble tande w gwo van zanmi w mèt temwanye Pon Pitit Bondye pa kapab anba kòd li gen pitye li plen mizerikòd ou delivre men pa tounen dèyè satan pa ka fè w pè -III- Men ou kouche sou kabann lopital doktè pale yo di ka w tèminal sèkèy achte entèman w fin peye ou fin kadav malgre je w byen kale Pon Bondye voye m pot yon mesay pou ou kounye a menm zanj yo gentan sou wout lonje men ou men fò kè w pa gen dout li tande plent kè ou Mwen wè w zetwal ki gen fòm yon epe ou mèt ret kal lesyèl pral opere pa pèdi tan kriye mande padon anvan lontan ou pral jwenn gerizon Pon Ou gen w...
Bondye’m Nan Gran Te genyen yon fanm Kite malad depi douze zan, Li tape soufri, li pat janm jwen gerizon Menl te met lafwal, el te touché rob Jezi E depi le sa li te jwen gerizon Ke Bondye’m Nan Gran O wi Bondye’m nan bon Bondye’m nan si bon Li bon pou nan’m mwen Menmsim nan tristes Sikonstans pap fem febli Paske Bondye la pou li ban mwen fos 2 Bondye wap sevi a, Li se Alfa e Lomega Le li komanse, li toujou fini Met lafwaw nan li, wap rampote la viktwa Li pap lagew nan wout, ni kitew pran wont 3 Ou menm kap soufri, ou pa bezwen dekouraje Paske Bondye la, wi lap toujou la Sil te delive pep li amba lame fararon Pouki wap inkyetew, se li sel ki wa.
- Advertisement -

Dans l'acutalités...