ti bob

Istwa Damou Refren Mwen-menm ak Bondye Son w istwa lanmoure lanmourèz Pi bèl ki Romeo e Jilyèt Mwen-menm ak Bondye Son w istwa lanmoure lanmourèz Depi m nan vant manman m Li fè demand pou mwen Kou gason renmen fanm Li fikse je sou mwen Li pa janm lage m Menm lè mwen ba l do Li ban m lavi an kado Menm lè se mwen k an tò Li toujou voye flè Non pa gen lòt ankò Nan lesyèl sou latè E l ap vin chèche m Nan nòs de l’agneau Pou mwen se pi gwo kado Men sa son w Istwa Damou Li renmen mwen Mwen renmen l tou Menm si nou fè ti fache Nou toujou rekonsilye Depi mwen ouvè bib mwen Nan w vèsè l koze ak mwen Sovè pèsonèl Menm si mwen pa wè l Li toujou fidèl M damou avè l Refren Mwen-menm ak Bondye Lanmoure, ahhh lanmourèz Bondye avè m son w istwa damou Relasyon m ak Bondye Son w bagay serye Nou pa p janm lage Lanmoure, oh lanmour0232z Kisa k ap separe? Mwen-menm ak Bondye
Jérôme Dayard (Tibob de Nazareth) est né à Jacmel (Haïti) où il a fait ses études primaires à L'école des Frères de l'Instruction Chrétienne. il est marié et père de 3 enfants.
Jezu Sove m Jezu, Jezu, se ou ki sove mwen Jezu woh oh, Jezu se ou ki sove mwen Eksperyans mwen Sou chimen di lavi Fè w moun aprann chita pou reflechi Pa gen anyen Ki pa genyen yon pri Fè atansyon frè mwen lè w ap chwazi Mwen t ap chèche Tout sa ki gen plezi Mwen pa t konn si se nanm mwen m t ap detwi Yo di m gon w nonm pawòl li bay lavi E m pa p gen pou m peye Pou gras li Jezu, Jezu, se ou ki sove mwen Jezu woh oh, Jezu se ou ki sove mwen Li pa gad ras Oh non l pa gade klas Depi w aksepte li w ap jwenn plas Menm si chaje touman w ap fè fas Li konn retire moun nan enpas Jezu, Jezu, se ou ki sove mwen Jezu woh oh, Jezu se ou ki sove mwen Kèlkeswa pas M ap janbe kè m anplas Avèk li mwen pa pè yon tikras Kòd sentrebas Pa p fè m pèdi lagras Fòk mwen wè sovè mwen fasafas Jezu, Jezu, se ou ki sove mwen Jezu woh oh, Jezu se ou ki sove mwen Ah wi se sovè m... Non mwen pa pè anyen Se Jezu ki sovè mwen Kote m pase fò m pale Kote m rive m temwanye Jezu Jezu se ou Wi se ou Jezu se ou Zanmi mwen fò w tande Li ka sove ou tou Li ka delivre w Malgre soufrans traka toumant lapenn Jezu la bò kote m Jezu la li avè m Li se sovè m Li ka sove ou tou Li ka sove w zanmi Si w ouvè kè w ba li Jezu se ou Jezu Jezu ou sove m Jezu
Jwa nan Bondye Mèsi Bondye ou ki ba nou lavi Ou montre jan ou gran Sa fè kè nou kontan Se sa ki fè depi nou reyini Nou jwenn benediksyon Bondye a la ou bon Lè nou vini loure Se pou n reveye Fò nanm ak kò nou patisipe Lè n ap adore Fò n pa pè kriye Wo nou se moun ki sove Lè n ap ba li glwa Fò n pa tètanba Jezu n nan merite plis ke sa Li ba nou viktwa Lè l te sou lakwa Se sa k fè nou ka la Bondye ou gran (4x) Lè n vin loure Fò n dispoze Pou n bay Bondye glwa Nanm n ap beni Kè n ap rejwi An n bay Bondye glwa Fò n ba li glwa Li posede tout bagay deja Fò n ba li glwa Pou lemond ka wè ke n gen viktwa Fò n ba li glwa Son w pitit li l te bay sou yon kwa An n ba li glwa Se sa k fè dèt nou peye deja
- Advertisement -

Dans l'acutalités...