Kilès Mwen Ye
Kilès mwen ye Segnè (bis)
Kilès mwen ye Segnè (bis)
Ou kite sa k pi rich yo
Pou w vin wete m atè a
Ou kite sa k pi gran yo
Ou kite sa k pi wo yo
Son w kesyon ke m ap poze
Kilès mwen ye Segnè
Son w kesyon m pa ka pa poze
Kilès mwen ye Segnè
Ou kite gwo mesye yo
Ou kite gran jipon yo
Ou kite gwo pòtray yo
Kilès mwen ye Segnè
Jouk mwen-menm tou
Y ap fè pawòl sou mwen
Kilès mwen ye Segnè
Jouk mwen-menm tou
Y ap voye pwen sou mwen
Kilès mwen ye Segnè
Jouk mwen-menm tou
Y ap pèdi nwit pou mwen
Kilès mwen ye Segnè
Jouk mwen-menm tou
Pou y ap kache pou mwen
Lè m te atè a
Pèsonn pa t wè m pou yo m pa t egziste
Lè m te nan pousyè a
Pèsonn pa t wè m pou yo m pa t egziste
Lè m te nan labou a
Pèsonn pa t wè m pou yo m pa t egziste
Lè m te nan grangou a
Pèsonn pa t wè m pou yo m pa t egziste
-2-
Ou vole sou do mòn yo
Ou plonje nan vale yo
Ou travèse rivyè yo
~~~
Si Bondye pa t Bondye
Oh-Oh si Bondye pa t Bondye (4x)
Yo ta ban m sèkèy deja
Si Bondye pa t Bondye
Moun yo ta fè defen deja
Si Bondye pa t Bondye
Mwen t ap pran lari deja
Si Bondye pa t Bondye
M t ap ba yo legen deja
Si Bondye pa t Bondye
Votou yo ta beke m deja
Sansi yo ta bwè san m deja
Filisten ta fè m fou deja
Zo m ta fè bouton deja
Antèman m ta chante deja
Fanmi m ta pote dèy deja
Pitit mwen ta òfelen deja
Simityè ta ban m kle m deja
Mwen ta lage sa deja
Desepsyon t ap touye m deja
Maladi ta ban m sèkèy deja
Lavi m ta pase mal deja
Lang yo t ap antere m deja
Mwen ta...
Kondoleyans a Frè Limaj
Gen ka ki rive
sou chimen syèl la
si nou pa danble
blennde ak lafwa
sa ka rann nou mizerab
sa ka fè n dekouraje
fè tout moun ap di podyab
tèlman n aflije
Nan moman sa yo
fò n pran prekosyon
satan agogo
ap fè tantasyon
fè nou pran mande pouki
kesyone lanmou Bondye
fè n bliye wout paradi
toujou gen kriye
Refren
Li ale
Limaj frè mwen fò w konsole w
Li ale
Bondye ki bay Bondye ki pran
Li ale
Kou sa fè mal men fò n sonje
Li ale
Nenpòt kijan fò k non li loure
WWWOOOOOY!
Fò k nou loure l!
Job pase ladan n
li pa ebranle
l ap vin sanzatann
fò n toujou pare
fò k nou pa fonde fwa nou
sou favè lesyèl fè nou
men n dwe loure non Bondye
pou sa ke li ye
Lè l ape travay
nou ka pa konprann
li kraze miray
menm lanmè li fann
menm si w wè w gen dlo nan je
pa di son w mal w ap peye
pafwa li fè nou kriye
pou li ka sove n
Kouray
Nou manje dan
n pase tout kalite touman
nou toujou la (La a)
N pran movetan
n sipòte doulè jouk nan san
nou chenbe la (La)
Refren 1
Oh Oh Oh Oh Oh
Men poukisa
jodi n vle lage sa
Oh Oh Oh Oh Oh
Wi Bondye la
Ak lapriyè
nou gen fòs n afwonte malè
nou vin pi fò (Fò ò)
nou pa janm pè
nou pa janm ka fè bèkatè
nou venk lanmò (Mò)
Refren 2
Kouray se sa nou bezwen pou nou lite
Kouray se sa nou bezwen pou nou chenbe
Bondye konnen fòs nou (vye frè pran kouray)
chay nou pa janm twò lou (masè pran kouray)
depi n met ajenou (vye frè pran kouray)
syèl la double fòs nou
Fò n pa plenyen chak jou (vye frè pran kouray)
lespri Bondye nan nou (masè pran kouray)
nou pa janm pou kont nou (vye frè pran kouray)
men zanj yo la pou nou
Lanmò Chire (Enterrement)
Chak Kretyen k monte
Kay lanmò rèl pete
Chak Kretyen k pase
Se lanmò k trepase
Lè n pran chimen syèl
Lanmò monte tonèl
Menm si n nan sèkèy
Se kay lanmò k gen dèy
Chak fwa kè n kanpe
Se souf lanmò k koupe
Lè kò n vin kadav
Lanmò menm pran wout kav
Lè kè n ret sou dyak
Lanmò fè kriz kadyak
Lè n pa respire
Vwal lanmò ... dechire
Pon+Refren
Li chire, l chavire, grèp li koule
Li chire, l chavire ... Lanmò chire
N ap tounen kay papa nou Lanmò chire
Li pa ka detounen nou Lanmò chire
Pa pou dat y ap ret tann nou Lanmò chire
Jodi a y ap resevwa nou Lanmò chire
Si w wè sa se bèl parad Lanmò chire
Son w pwomnad, son w balad Lanmò chire
Sou de ran zanj monte gad Lanmò chire
Y ap chante, y ap bay serenad Lanmò chire
Li chire, l chavire, grèp li koule
Li chire, l chavire ... Lanmò chire
-2-
M franchi pòt kavo
M ap bwote pou anwo
Viktwa m sou lachè
Se viza m pou anlè
M pa ka anreta
Pou randevou sila a
Se fèt san lakwa
Se revanch Pitit la
Latè men pousyè w
Nanm mwen pa p lokatè w
Mò pran simityè w
Kris la trase fwontyè w
Di m kote pouvwa w
San lakwa ba w pinga w
M nan letènite
Vwal frekan w ... dechire
Pon+Refren
Latè men pousyè w
Nanm mwen pa p lokatè w
Mò pran simityè w
Kris la trase fwontyè w
Di m kote pouvwa w
San lakwa ba w pinga w
M nan letènite
Vwal frekan w ... dechire
Pon+Refren+
Pa koute dlo nan je nou Lanmò chire
Mwen ale men mwen pa mouri Lanmò chire
Pi devan m a va wè nou Lanmò chire
Si tankou m nou pran Jezikri Lanmò chire
Antèman sa a pa pou mwen
Se pou kò m li ye Lanmò chire
Non sèkèy sa a pa pou mwen
Pou zosman m li ye Lanmò chire
Kouwòn say o pa pou mwen
Pou kavo yo ye Lanmò chire
Tout dèy say o pa pou mwen
M anlè...
Concert Gospel Saphir Ministry à Delmas 75 : Sortie de l’album Wap Renye
La chorale Gospel Saphir Ministry a organisé ce dimanche 13 avril un concert live et une vente...
Concert Gospel Montréal 2025 : L’Événement à ne pas Manquer
RADIO TÉLÉVISION FELLER présente un événement exceptionnel le dimanche 4 mai 2025 à partir de...
Wiliadel Denervil et Fre Gabe : Leur collaboration dans "Istwa Pou W Rakonte"
Wiliadel Denervil est une artiste haïtienne contemporaine de musique chrétienne, reconnue pour...
Qui est Fiston Mbuyi ? Découvrez l’artiste gospel congolais
Fiston Mbuyi, né le 27 décembre 1987 à Mbuji-Mayi en République Démocratique du Congo, est un...
Concert & Vente Signature – La chorale Gospel Saphir entre dans une nouvelle dimension !
Le rendez-vous est pris ! Ce dimanche 13 avril, la chorale Gospel...