ti bob

Rele Jezu Refren Jezu lè m tris mwen rele Jezu lè m kontan mwen rele Jezu e li toujou tande m wo o o Jezu si w pa t la sa mwen t ap fè Jezu se sou ou mwen apiye Jezu kè m pa gen dwa sote Jounen m kòmanse m remèsye Bondye mwen ba l tout sa m ye lavi m asire zanmi m pa sou chans pou l ban mwen delivrans mwen fè li konfyans mwen gen asirans Si w wè m nan lajwa se li ki fè sa lè m te san zespwa li ban mwen viktwa zanmi pa gen lòt li se kle pou tout pòt fò nou pran bon nòt zafè lèzòt Pon Ou pa bezwen pè fè l konfidans li menm tou li konnen lasoufrans ou mèt ouvè tout kè w ba li ou pa ka pèdi pari li pa p mete w nan lari Kèlkeswa wotè w rive sanzatann ou ka tonbe ou te mèt plen konesans sèl Jezu k bay asirans si w kite vi w nan men li ou pa p janm regrèt zanmi l ap ba w fòs l ap ba w pouvwa ou pa p janm tètanba O depi zafè n ap mache lèzòm toujou prezante lè nou tonbe plat atè tout zanmi vole gagè men si Jezu avèk nou nou pa p janm ret pou kont nou depi n desann sou jenou li gentan la pou nou
Sa Bèl Ou pa jeneral Men w gen w lame ki rele w pa w Nan lagè kè w kal Solda ap batay pou viktwa w (Viktwa a!) W pa gen doktè lopital Gratis zanj pot gerizon ba w (San 5 kòb gerizon ba w) Menm lè w tribinal Tout lesyèl tounen avoka w Ouuuuuhhhhh! Pon Ak lanmou Bondye nan kè Sa w kwè vin tounen sa w wè Sa w di ka koupe fè Met dife nan kan Lisifè Menm sa w te pè Vin tounen sa w ap fè Konplo nan fènwè Avili gran jeklè Refren Sa Bèl o Lè w gen Bondye Sa Bèl … -II- Ou poko gen zèl Nan syèl w gen branch ou gen rasin Kay ou son w tonèl Men lè siklòn ou sou dodin (Dodin in!) Menm lè razè fè w konn fyèl Chak jou dife limen nan kizin (dife limen nan kizin) Ou pa w ofisyèl W jwen ochan kou chèf nan tribin Ouuuuuhhhhh! Pon Se tankou match foutbòl Ekip ou pa ka pran gòl Depi w pran lapawòl Advèsè w san pwotokòl Tout jwè kremòl Douvan w pèdi kontwòl E si w ta pèdi wòl Lesyèl ap ba w zèpòl -III- Ouuuuuhhhhh! Pon Yo mèt kouche an kwa Pou ou sa se madigra Ou pa p janm tèt anba Sou fòs mal Bondye ba w dwa Puisans fènwa Douvan w tout se fatra Satan konn sa Lè w di Alelouya! (Alelouya!) Sa Bèl Lè w gen Bondye wo! (4x) (Sa Bèl) Menm nan movetan kè w ret kal (Sa Bèl) Paske lavi w pa p janm pase mal (Sa Bèl) Yo mèt pale w mal anbachal (Sa Bèl) Douvan yo w ap file kou zetwal (Sa Bèl) Pye w pa ka bite sou dal konplo yo (Sa Bèl) Yo pa ka touche w lè w nan mitan yo (Sa Bèl) San bato w ap janbe tout vye pas dlo yo (Sa Bèl) Kannòt Sentespri va ba w zèl nan do (Sa Bèl) Sa bèl o (Sa Bèl) Sa bèl o (Sa Bèl) Mwen di Sa bèl o (Sa Bèl) Sa bèl o (Sa Bèl) Moun pa ka vin di w pa p rive (Sa Bèl) Se...
Sanble Avè w (2x) Mwen/Fè vle sanble avè w Se chanson m se priyè m Patou kote m pase Yo va wè ou nan mwen (2x) Nan fason mwen pale Nan fason m konpòte m Yo va wè ou nan mwen Kè (2x) Pannan ou la Senyè Ranpli m ak lespri ou Pran kò m sèvi avè l Pran kè mwen kòm trön ou Fè mwen sanble avè m Mwen vle sanble avè w (Sanble avè w) (Se priyè mwen) (Ou-Wo-Wo-Wohh) (Sanble avè w) (Se priyè m) (Ou-Wo-Wo-Wohh) (Fason m pale) (Fason m pale) (Ou la Senyè) (Ou la Senyè) Mwen vle sanble avè w = Repete ... Mwen vle mache tankou ou Jezu M vle fè moun viv tankou ou Sovè Mwen vle pot kwa m san mwen pa plenyen Pran mòn kalvè m san m pa fè tenten San m pa konpwomèt Levanjil Mwen vle sanble avè w San m pa nan pawòl anpil Mwen vle sanble avè w Pou pa gen bri ki fè kè m kase Pou pa gen chòk ki fè pye m bite Fè mak klou yo grave nan kè m Pou m ka renmen frè m Fè kout frèt yo siyen nan chè m Pou m ranje zafè m Fè pawòl ou vin pen kotidyen m Pou lespri ou pran kontwòl desten m Pasteur Joseph Pierre nan Ottawa, Bondye beni w pou enspirasyon sa NB- First the lead will sing the whole thing, then it’s the chorus and at the end they’ll interchange.
Sispann Jije Ou menm ki depi w leve w ap klase w ap jije ou panse lesyèl ba w dwa pou w kondane ak moun w ap viv toulejou moun w ap pale chak jou y ap toujou yon mistè pou ou ak baton w ap mezire kritike fè kriye se avè l Bondye va jije w Refren Se pou n chanje jan nou panse tounen nan dwa chemen sa k nan kè w lòt nou pa konnen l se pou n chanje jan nou panse pou dat nou nan legliz o dènye jou gen anpil sipriz Pastè ak predikatè nou menm k ape travay ap fouye pawòl Bondye pou n bay mesay menm si nou wè y ap koute pawòl la pa rete kou yo sòti yo transfòme men fò n kontinye plante gen kèk grenn k ap leve rekonpans nan men Bondye Nou menm timoun ki gen chans grandi nan pawòl la pa kite move defo twouble lafwa n legliz pa yon tribinal pa jije frè ou mal douvan Bondye men nou tout sal an nou tout fè sa ki bon n a jwenn benediksyon konsa n a jwenn revelasyon
- Advertisement -

Dans l'acutalités...