tibob

Aksyon de Gras Son w Aksyon de Gras mwen vin fè Oh (bis) Son w Aksyon de Gras mwen vin fè Oh (bis) M pot adorasyon pou m bay Bondye m nan Mwen pote louanj Oh pou m di jan Li gran Pa di m cho devan Son w Aksyon de Gras mwen vin fè Oh Si w konn janm te antrave Ou pa ta di m cho devan Si w konn konbyen mwen te dwe Ou pa ta di m cho devan Si w konn dèt Jezu peye Ou pa ta di m cho devan Mwen pa vin fè wè Son w Aksyon de Gras mwen vin fè Oh -2- Se remèsiman mwen vin bay Oh (bis) Se remèsiman mwen vin bay Oh (bis) M pot adorasyon pou m bay Bondye m nan Mwen pote louanj Oh pou m di jan Li gran Pa di m cho devan Se remèsiman mwen vin bay Oh Si w konn defi Kris leve Ou pa ta di m cho devan Si w konn nan tou l t al chèche m Ou pa ta di m cho devan Si w konn pas dlo m te janbe Ou pa ta di m cho devan Pa mande m detay Se remèsiman mwen vin bay Oh -3- Se yon temwanyaj mwen vin bay Oh (bis) Se yon temwanyaj mwen vin bay Oh (bis) M pot adorasyon pou m bay Bondye m nan Mwen pote louanj Oh pou m di jan Li gran Pa di m cho devan Se yon temwanyaj mwen vin bay Oh Si w konn jan vi m te gaye Ou pa ta di m cho devan Si w konn jan m te antòtye Ou pa ta di m cho devan Si w konn jan m te anfouraye Ou pa ta di m cho devan Pa mande m detay Se yon temwanyaj mwen vin bay Oh -4- Si w konn jan m te imilye Ou pa ta di m cho devan Si w konn jan m te fin ale Ou pa ta di m cho devan Si w konn jan m te dezespere Ou...
Bib La Mwen pa konprann sa w ap di m la Se pa ou menm ki te kwè nan san lakwa Premye sa pou w konnen sou chimen syèl la Pa gen lòt liv w ka mete nan plas Bib la Di m sou kisa ou kanpe la Pou nenpòt moun teke pye w nan pawòl la Menm si kèk vèsè met lespri w tètanba Pa p janm gen liv pou w mete nan plas Bib la Pon W mèt chaje referans Ak dekouvèt lasyans Pa p janm gen liv pou w mete nan plas Bib la Pou w wè fas Sovè a Ou pa dwe doute sa Pa p janm gen liv pou w mete nan plas Bib la Pou Bondye pale avè w Fò w aksepte nan kè w Pa p janm gen liv pou w mete nan plas Bib la Eske w pran sans sa w ap di a Diplòm lekòl pa p ba w kle sa k ekri a Si Sentespri pa louvri baryè Syèl la Ou ka li men w pa p konprann sa k nan Bib la Ki moun k ap fè w di bagay sa W bliye pouki Kris te vin nan pak bèt la Pouki l te pran imilyasyon kalvè a Se pou pa t janm gen liv ki pran plas Bib la Pon Nan plas Bib la Pa gen lòt liv w ka mete Pa gen lòt pawòl w ka mete Pa gen filozofi w ka mete Pa gen doktrin w ka mete … Pa gen pa m pi bon w ka mete Pa gen voye monte w ka mete Pa gen “je pense que” w ka mete Pa gen “il se peut que” w ka mete Pa gen “d’après mes recherches” w ka mete Pa gen “d’après mes trouvailles” w ka mete Pa gen “d’après mes déductions” w ka mete Pa gen “d’après mes conclusions” w ka mete M pa p pran l Mwen pa p pran l M pa p janm pran l M pa ka pran l ...
Bòn Fèt Manman Pouki Ou tris konsa manmi Pa di Sa fè w soufri paske m grandi Menm si Lavi fè mwen pati Jodi Nan w lòt abri m bati w fanmi -Pon- Se ou k montre m tout sa m konnen Ki fè m gen w desten Se afeksyon ke w te ban mwen Ki fè m ka renmen Menm si mwen pa rele w ni wè w souvan Plas ou se nan fon kè mwen manman -2- M sonje Se ou k fè m ap mache Kote Menm pye pa ou pa t janm pile W pote m Tankou w trezò kache W gide m Sou wout Bondye jouktan m sove Jiska prezan Sa toujou menm jan Ou san ranplasan Manman wo Sou chimen lavi Ou aprann mwen fè 2 Ou ta vle mouri Si w wè m ak dlo nan je Ou pran baf, ou pran kou Ou pa janm sispann batay Ou menm bliye tèt ou Ou di fò m yon bagay -2- Ou kraze pòt lanfè Fè dyab eksplikasyon Pran seren, pran koutlè Ak kout imilyasyon Ak yon ti bak sirèt Ou ban m edikasyon Ou fè lenmi, w fè dèt Ou menm pran madichon Wi manman se ou Ki met lanmou nan kè m Wi manman se ou Ki trase wout bonè m Wi manman se ou K ap soufri depi m tibebe Wi manman se ou Jiskaprezan kè w sote Woooooo Wi manman se ou Depi mwen pa rele Wi manman se ou Si m yon moun jodi a Wi manman se ou Ki te travay pou sa
Bondye pou Nou Wout lanmou pa janm fasil M pa p pwomèt sa m pa ka bay Mwen konnen avni n frajil Ka tout lajounen, lavi mande n batay Sosyete ba nou defi Depi lontan y ap suiv nou Si mwen la, se pou lavi Devan fas Bondye rasin kè m se pou ou -Pon- M renmen w san mezi Pa sèlman pou sa w ye Men pou sa m devini Paske w chwazi bò kote m M ap suiv ou cheri Nenpòt kote w prale Paske mwen pèdi Sou chimen w pa p gide m -Refren- Bondye pou nou Se sa k fè n la toujou Pou sa yo te wè pou nou Sa k ta di sa gade nou Son w bann jalou Ki pa vle byen pou nou Latè mèt kont lanmou nou Bondye pou nou -2- Plen fanmi ki chita la Yo kontan n pran wout serye Bondye di mo pa l deja Rès la se nan men w, ak nan kè pa m li ye Si m mouri m pa wè demen Jodi a se defans mwen Petèt m pa p ba w sa w bezwen Men pa gen pèsonn ki ka renmen w kou mwen -Pon- Ou son w flè jaden Mwen konn kote w pouse Anndan m ou donnen Se nan kè m Bondye plante w Sa yo pa konnen Se Syèl la k ap wouze Depi n men nan men Lapli mèt pa tonbe -Fen- Bondye pou nou Se sa k fè n la toujou Pou sa yo te wè pou nou Sa k ta di sa gade nou Son w bann jalou K ap voye wòch sou nou Yo met kite n pou kont nou Bondye pou nou Tout zanmi mèt lage nou Bondye pou nou Fanmi mèt pa konprann nou Bondye pou nou Yo mèt vle malè pou nou Bondye pou nou Yo mèt di n se de moun fou Bondye pou nou
- Advertisement -

Dans l'acutalités...