Bondye Toujou La
Refren
Si pwoblèm lavi zanmi ta pran tèt ou
Si kalamite sòti pou ta fò w fou
Si ou vle tonbe si w vle pèdi lespwa
Pa bliye Bondye toujou la
-I-
Lavi w son kriz
ou pèdi tout konba
ou vin legliz
men ou pèdi lafwa
ou te gen don
ou pa t janm konn fè fay
se nan chanson
bouch ou bay temwanyay
Pon
Ou pèdi kay ak tout sa w posede
timoun nan dwòg se prizon y ap vale
w pa ka priye ou toujou ap kriye
ou kwè Bondye bliye w
Men fon w chita
mwen pral ba w yon mesay
se jodi a
lesprisen pral travay
fòk ou ta wè
jan nuaj yo anvlope w
gen w men limyè
k ap seche dlo nan je w
Pon
W santi w chalè w santi w ap transfòme
kò w ap tranble ou vle rele anmwe
ou tande w bri w a di kè w ap sote
se kòd yo k ap kase o o
-II-
Depi w nan vant
dyab fanmi w reklame w
anndan w gon w plant
ki deja kondane w
ou fatige
ou vle kite tout rans
malgre w priye
ou pa jwenn delivrans
Pon
Fon w ti pwoche jodi a se jou pa w
nan fon lesyèl wi Bondye tande vwa w
lanj Mikaèl ap desann kou loray
satan pèdi batay
Ak flanm dife
si w wè jan w ansèkle
san ap koule
pou w ka dezanvoute
gon w movetan
tout latè ap tranble
tande w gwo van
zanmi w mèt temwanye
Pon
Pitit Bondye pa kapab anba kòd
li gen pitye li plen mizerikòd
ou delivre men pa tounen dèyè
satan pa ka fè w pè
-III-
Men ou kouche
sou kabann lopital
doktè pale
yo di ka w tèminal
sèkèy achte entèman w fin peye
ou fin kadav malgre je w byen kale
Pon
Bondye voye m pot yon mesay pou ou
kounye a menm zanj yo gentan sou wout
lonje men ou men fò kè w pa gen dout
li tande plent kè ou
Mwen wè w zetwal
ki gen fòm yon epe
ou mèt ret kal
lesyèl pral opere
pa pèdi tan
kriye mande padon
anvan lontan
ou pral jwenn gerizon
Pon
Ou gen w...
Demitou
Jodi a m ret douvan glas
Pou m byen gade m fasafas
Ki move tras ki enpas
Ki fè m nan nas
Lespri m pran fè “les 100 pas”
Konsyans mwen kanpe an kwa
Desten m rete aleka
Kè m nan traka
Pon
M ap lage sa
Se pa vi m sa
Mwen pral fè yon detou
M pral bay Satan yon kou
Kraze baryè
Janbe fwontyè
M deja pran gran lizyè
M pa p gad dèyè
Refren
Mwen pa konn kote m prale
Men m konn kote m vle rive
Fò m wè ak papa Bondye
Pou m konfese
-II-
Genyen k di m son w ka pèdi
Menm lanfè pa fè m kredi
Sèkèy bay souf mwen defi
M la pou m mouri
Se mwen k te lespwa fanmi m
Se mwen k te lavni peyi m
Plezi lachè avili m
Nanm mwen enfim
-III-
Satan fè m fè twòp betiz
Fwa sa a mwen pa p ba l ekskiz
Anvan lanmò fè m sipriz
M pran wout legliz
Eske w Konnen
Eske w konnen
Eske w konnen
Eske w konnen
Pouki li te mouri
Yo kondane l yo krisifye l
Pou mwen ak ou te ka sove
Limanite te menase
Lè Adan e Ev te fin peche
Malgre yo te kloure l sou w kwa
Anpil nan nou pa konn pouki
Si trinite pa t entèvni
Se Lisifè k t ap fè lalwa
Soti nan syèl vin sou yon kwa
Sou peche pou l ba nou viktwa
Soti sou kwa al nan tonbo
Sot nan tonbo monte anwo
Pou prepare yon bèl palè
Mèvèy je lèzòm poko wè
Si mwen ak ou konprann pouki
Se la nou pral viv pou lavi
Refren
Li gen pou l tounen tankou w wa
Se pou nou tout kenbe lafwa
Konplo Lisifè pa p pase
Se Bondye sèl k ap kòmande
Se poutèt sa li te mouri
Pou l te kapab ban nou lavi
Chèche konnen avan l twò ta
Pou nou pa pèdi nan fènwa
Refren
Oh-Oh-Ohhh (4x)
Pou chenn konplo yo ka kase
Si w pa konnen chèche konnen
Pou wòch pwoblèm yo ka woule
Si w pa konnen chèche konnen
Li ka geri tout maladi
Si w pa konnen chèche konnen
Sèlman met espwa w nan Jezi
Si w pa konnen chèche konnen
Ou mèt rele l nan movetan, zanmi
Si w pa konnen chèche konnen
Ou mèt konte sou li toutan, zanmi
Si w pa konnen chèche konnen
W mèt eseye l lè sa pa bon, zanmi
Si w pa konnen chèche konnen
Ou mèt chèche l pou direksyon, zanmi
Si w pa konnen chèche konnen
Jou lafen an prèske rive, frè mwen
Si w pa konnen chèche konnen
Son w okazon pou w pa rate, sè mwen
Si w pa konnen chèche konnen
Pòt lagras la pral fèmen
Si w pa konnen chèche konnen
Pinga di w ap tann demen
Si w pa konnen chèche konnen
Jodi a ou konnen
Pa pèdi tan
Si w pa konnen chèche konnen
Mizik sa a fè w konnen
M di w ann avan
Si w pa konnen chèche konnen
Frè Duval fè w konnen
Vin pran devan
Si w pa konnen chèche konnen
Mwen...
Filisten Anvayi m
Oh! Oh! Oh! Oh!
Lèzòm mechan woh
Kè yo pa bon vre
Jezu ou k fè m gras
Retire m nan nas
Lèzòm mechan woh
Moun yo malouk vre
Jezu ou k fè m gras
Lèzòm mechan woh
San yo gate vre
Jezu ou k fè m gras
Retire m nan nas
Lèzòm malouk woh
Moun yo mabyal vre
Jezu ou k ban m plas
REF
Ou Di m pran wout la
Mechan vle detwi m
Jezu m nan konba
Filisten anvayi m
M pa wè kijan m pral pase
Men m ap kenbe fèm
Nan je yo m pral vole
Se pwomès sa w fè m
MMK
Men m ap kenbe fèm
Nan je yo m pral vole
Se pwomès sa w fè m
M pa wè kote m pral pase
M pa konn kijan m pral plane
M pa konn ki zèl m pral pouse
M pa konn ki van k pral voye m
REF
M pa konn sou ki do m pral monte
M pa konn ki nuaj ki pral pote m
M pa konn ki pas dlo m pral janbe
M pa konn ki pon m pral travèse
REF
SPF
Se pwomès sa w fè m
Nan je yo m pral vole
Nan je yo m pral pèse
Nan je yo m pral fete
Nan je yo m ap rive
Nan tèt m ap toujou ye
Mwen pa p janm pran lake
Gen w tab ou pral ranje
Pou advèsè m yo gade
W pa p janm livre m ba yo
Yo mèt tire m kou nan do
Menm branch cheve mwen yo
Yo pa p janm atenn yo
Yo mèt pale yo pa p janm konn sekrè m
Yo mèt rayi m men se wè ya va wè m
Tout madichon ap san zefè dèyè m
Flèch filisten pa p janm ka blese kè m
Wi nan je yo m pral vole...
Mohammed Sanogo, pasteur, auteur et leader charismatique ivoirien, propose avec « Je suis béni.e » une réflexion profonde sur la puissance de la bénédiction...
Menace sur les églises évangéliques de Barcelone : un conflit entre urbanisme et liberté religieuse
Un plan de réaménagement du quartier industriel de Sant Andreu,...
Rapport sur les dérives sectaires dans les églises évangéliques
Le rapport annuel de la Mission interministérielle de vigilance et de lutte contre les dérives sectaires...
Étude sur l'impact de la prière sur le cerveau
La prière, une pratique spirituelle universelle, suscite un intérêt croissant dans le domaine des neurosciences. Des...