Istwa Damou
Refren
Mwen-menm ak Bondye
Son w istwa lanmoure lanmourèz
Pi bèl ki Romeo e Jilyèt
Mwen-menm ak Bondye
Son w istwa lanmoure lanmourèz
Depi m nan vant manman m
Li fè demand pou mwen
Kou gason renmen fanm
Li fikse je sou mwen
Li pa janm lage m
Menm lè mwen ba l do
Li ban m lavi an kado
Menm lè se mwen k an tò
Li toujou voye flè
Non pa gen lòt ankò
Nan lesyèl sou latè
E l ap vin chèche m
Nan nòs de l’agneau
Pou mwen se pi gwo kado
Men sa son w Istwa Damou
Li renmen mwen
Mwen renmen l tou
Menm si nou fè ti fache
Nou toujou rekonsilye
Depi mwen ouvè bib mwen
Nan w vèsè l koze ak mwen
Sovè pèsonèl
Menm si mwen pa wè l
Li toujou fidèl
M damou avè l
Refren
Mwen-menm ak Bondye
Lanmoure, ahhh lanmourèz
Bondye avè m son w istwa damou
Relasyon m ak Bondye
Son w bagay serye
Nou pa p janm lage
Lanmoure, oh lanmour0232z
Kisa k ap separe?
Mwen-menm ak Bondye
Jérôme Dayard (Tibob de Nazareth) est né à Jacmel (Haïti) où il a fait ses études primaires à L'école des Frères de l'Instruction Chrétienne. il est marié et père de 3 enfants.
Jezu Sove m
Jezu, Jezu, se ou ki sove mwen
Jezu woh oh, Jezu se ou ki sove mwen
Eksperyans mwen
Sou chimen di lavi
Fè w moun aprann chita pou reflechi
Pa gen anyen
Ki pa genyen yon pri
Fè atansyon frè mwen lè w ap chwazi
Mwen t ap chèche
Tout sa ki gen plezi
Mwen pa t konn si se nanm mwen m t ap detwi
Yo di m gon w nonm pawòl li bay lavi
E m pa p gen pou m peye
Pou gras li
Jezu, Jezu, se ou ki sove mwen
Jezu woh oh, Jezu se ou ki sove mwen
Li pa gad ras
Oh non l pa gade klas
Depi w aksepte li w ap jwenn plas
Menm si chaje touman w ap fè fas
Li konn retire moun nan enpas
Jezu, Jezu, se ou ki sove mwen
Jezu woh oh, Jezu se ou ki sove mwen
Kèlkeswa pas
M ap janbe kè m anplas
Avèk li mwen pa pè yon tikras
Kòd sentrebas
Pa p fè m pèdi lagras
Fòk mwen wè sovè mwen fasafas
Jezu, Jezu, se ou ki sove mwen
Jezu woh oh, Jezu se ou ki sove mwen
Ah wi se sovè m...
Non mwen pa pè anyen
Se Jezu ki sovè mwen
Kote m pase fò m pale
Kote m rive m temwanye
Jezu Jezu se ou
Wi se ou Jezu se ou
Zanmi mwen fò w tande
Li ka sove ou tou
Li ka delivre w
Malgre soufrans traka
toumant lapenn
Jezu la bò kote m
Jezu la li avè m
Li se sovè m
Li ka sove ou tou
Li ka sove w zanmi
Si w ouvè kè w ba li
Jezu se ou Jezu
Jezu ou sove m Jezu
Jwa nan Bondye
Mèsi Bondye ou ki ba nou lavi
Ou montre jan ou gran
Sa fè kè nou kontan
Se sa ki fè depi nou reyini
Nou jwenn benediksyon
Bondye a la ou bon
Lè nou vini loure
Se pou n reveye
Fò nanm ak kò nou patisipe
Lè n ap adore
Fò n pa pè kriye
Wo nou se moun ki sove
Lè n ap ba li glwa
Fò n pa tètanba
Jezu n nan merite plis ke sa
Li ba nou viktwa
Lè l te sou lakwa
Se sa k fè nou ka la
Bondye ou gran (4x)
Lè n vin loure
Fò n dispoze
Pou n bay Bondye glwa
Nanm n ap beni
Kè n ap rejwi
An n bay Bondye glwa
Fò n ba li glwa
Li posede tout bagay deja
Fò n ba li glwa
Pou lemond ka wè ke n gen viktwa
Fò n ba li glwa
Son w pitit li l te bay sou yon kwa
An n ba li glwa
Se sa k fè dèt nou peye deja
Mohammed Sanogo, pasteur, auteur et leader charismatique ivoirien, propose avec « Je suis béni.e » une réflexion profonde sur la puissance de la bénédiction...
Menace sur les églises évangéliques de Barcelone : un conflit entre urbanisme et liberté religieuse
Un plan de réaménagement du quartier industriel de Sant Andreu,...
Rapport sur les dérives sectaires dans les églises évangéliques
Le rapport annuel de la Mission interministérielle de vigilance et de lutte contre les dérives sectaires...
Étude sur l'impact de la prière sur le cerveau
La prière, une pratique spirituelle universelle, suscite un intérêt croissant dans le domaine des neurosciences. Des...