tibob

Kilès Mwen Ye Kilès mwen ye Segnè (bis) Kilès mwen ye Segnè (bis) Ou kite sa k pi rich yo Pou w vin wete m atè a Ou kite sa k pi gran yo Ou kite sa k pi wo yo Son w kesyon ke m ap poze Kilès mwen ye Segnè Son w kesyon m pa ka pa poze Kilès mwen ye Segnè Ou kite gwo mesye yo Ou kite gran jipon yo Ou kite gwo pòtray yo Kilès mwen ye Segnè Jouk mwen-menm tou Y ap fè pawòl sou mwen Kilès mwen ye Segnè Jouk mwen-menm tou Y ap voye pwen sou mwen Kilès mwen ye Segnè Jouk mwen-menm tou Y ap pèdi nwit pou mwen Kilès mwen ye Segnè Jouk mwen-menm tou Pou y ap kache pou mwen Lè m te atè a Pèsonn pa t wè m pou yo m pa t egziste Lè m te nan pousyè a Pèsonn pa t wè m pou yo m pa t egziste Lè m te nan labou a Pèsonn pa t wè m pou yo m pa t egziste Lè m te nan grangou a Pèsonn pa t wè m pou yo m pa t egziste -2- Ou vole sou do mòn yo Ou plonje nan vale yo Ou travèse rivyè yo ~~~ Si Bondye pa t Bondye Oh-Oh si Bondye pa t Bondye (4x) Yo ta ban m sèkèy deja Si Bondye pa t Bondye Moun yo ta fè defen deja Si Bondye pa t Bondye Mwen t ap pran lari deja Si Bondye pa t Bondye M t ap ba yo legen deja Si Bondye pa t Bondye Votou yo ta beke m deja Sansi yo ta bwè san m deja Filisten ta fè m fou deja Zo m ta fè bouton deja Antèman m ta chante deja Fanmi m ta pote dèy deja Pitit mwen ta òfelen deja Simityè ta ban m kle m deja Mwen ta lage sa deja Desepsyon t ap touye m deja Maladi ta ban m sèkèy deja Lavi m ta pase mal deja Lang yo t ap antere m deja Mwen ta...
Kondoleyans a Frè Limaj Gen ka ki rive sou chimen syèl la si nou pa danble blennde ak lafwa sa ka rann nou mizerab sa ka fè n dekouraje fè tout moun ap di podyab tèlman n aflije Nan moman sa yo fò n pran prekosyon satan agogo ap fè tantasyon fè nou pran mande pouki kesyone lanmou Bondye fè n bliye wout paradi toujou gen kriye Refren Li ale Limaj frè mwen fò w konsole w Li ale Bondye ki bay Bondye ki pran Li ale Kou sa fè mal men fò n sonje Li ale Nenpòt kijan fò k non li loure WWWOOOOOY! Fò k nou loure l! Job pase ladan n li pa ebranle l ap vin sanzatann fò n toujou pare fò k nou pa fonde fwa nou sou favè lesyèl fè nou men n dwe loure non Bondye pou sa ke li ye Lè l ape travay nou ka pa konprann li kraze miray menm lanmè li fann menm si w wè w gen dlo nan je pa di son w mal w ap peye pafwa li fè nou kriye pou li ka sove n
Kouray Nou manje dan n pase tout kalite touman nou toujou la (La a) N pran movetan n sipòte doulè jouk nan san nou chenbe la (La) Refren 1 Oh Oh Oh Oh Oh Men poukisa jodi n vle lage sa Oh Oh Oh Oh Oh Wi Bondye la Ak lapriyè nou gen fòs n afwonte malè nou vin pi fò (Fò ò) nou pa janm pè nou pa janm ka fè bèkatè nou venk lanmò (Mò) Refren 2 Kouray se sa nou bezwen pou nou lite Kouray se sa nou bezwen pou nou chenbe Bondye konnen fòs nou (vye frè pran kouray) chay nou pa janm twò lou (masè pran kouray) depi n met ajenou (vye frè pran kouray) syèl la double fòs nou Fò n pa plenyen chak jou (vye frè pran kouray) lespri Bondye nan nou (masè pran kouray) nou pa janm pou kont nou (vye frè pran kouray) men zanj yo la pou nou
Lanmò Chire (Enterrement) Chak Kretyen k monte Kay lanmò rèl pete Chak Kretyen k pase Se lanmò k trepase Lè n pran chimen syèl Lanmò monte tonèl Menm si n nan sèkèy Se kay lanmò k gen dèy Chak fwa kè n kanpe Se souf lanmò k koupe Lè kò n vin kadav Lanmò menm pran wout kav Lè kè n ret sou dyak Lanmò fè kriz kadyak Lè n pa respire Vwal lanmò ... dechire Pon+Refren Li chire, l chavire, grèp li koule Li chire, l chavire ... Lanmò chire N ap tounen kay papa nou Lanmò chire Li pa ka detounen nou Lanmò chire Pa pou dat y ap ret tann nou Lanmò chire Jodi a y ap resevwa nou Lanmò chire Si w wè sa se bèl parad Lanmò chire Son w pwomnad, son w balad Lanmò chire Sou de ran zanj monte gad Lanmò chire Y ap chante, y ap bay serenad Lanmò chire Li chire, l chavire, grèp li koule Li chire, l chavire ... Lanmò chire -2- M franchi pòt kavo M ap bwote pou anwo Viktwa m sou lachè Se viza m pou anlè M pa ka anreta Pou randevou sila a Se fèt san lakwa Se revanch Pitit la Latè men pousyè w Nanm mwen pa p lokatè w Mò pran simityè w Kris la trase fwontyè w Di m kote pouvwa w San lakwa ba w pinga w M nan letènite Vwal frekan w ... dechire Pon+Refren Latè men pousyè w Nanm mwen pa p lokatè w Mò pran simityè w Kris la trase fwontyè w Di m kote pouvwa w San lakwa ba w pinga w M nan letènite Vwal frekan w ... dechire Pon+Refren+ Pa koute dlo nan je nou Lanmò chire Mwen ale men mwen pa mouri Lanmò chire Pi devan m a va wè nou Lanmò chire Si tankou m nou pran Jezikri Lanmò chire Antèman sa a pa pou mwen Se pou kò m li ye Lanmò chire Non sèkèy sa a pa pou mwen Pou zosman m li ye Lanmò chire Kouwòn say o pa pou mwen Pou kavo yo ye Lanmò chire Tout dèy say o pa pou mwen M anlè...
- Advertisement -

Dans l'acutalités...